Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Zakari 1:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Kisa sa yo ye?” Li te reponn mwen: “Sa yo se kòn ki te gaye Juda, Israël, ak Jérusalem yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Mwen mande zanj ki t'ap pale avè m lan: — Kisa kòn sa yo ye, mèt? Li reponn mwen: — Kòn sa yo, se nasyon ki te depòte moun peyi Jida yo, pèp Izrayèl la ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo.

参见章节 复制




Zakari 1:19
20 交叉引用  

Alò Sédécias, fis a Kenaana a te fè kòn yo an fè pou kont li, e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Avèk sila yo, ou va frape Siryen yo jiskaske yo fin detwi.’”


Alò, lè lènmi a Juda yo avèk Benjamin yo te tande ke moun egzil yo t ap bati yon tanp a SENYÈ a, Bondye Israël la,


Konsa, pèp peyi a te kòmanse dekouraje pèp Juda a, e te bay yo pwoblem bati a.


Nan jou a Artaxerxès yo, Bischlam, Mithredath, Thabeel ak tout lòt kolèg pa yo te ekri a Artaxerxès, wa Perse la. Lèt la te ekri nan lang Amareyen e livre nan lang Amareyen.


Nan lè Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò Rivyè a e Schethar-Boznaï avèk kolèg parèy a yo, te vin kote yo, e te pale avèk yo konsa: “Se kilès ki te bay ou dekrè pou fin fè tanp sila a, e pou fin fè konstriksyon sila a?”


Mwen te di a awogan yo: “Pa vin ògeye!” A mechan an: “Pa leve kòn nan.


Pa leve kòn ou anwo. Pa pale kou rèd avèk ògèy ensolan.”


Kòn Moab te fin koupe nèt e bra li te fin kase,” deklare SENYÈ a.


Mwen te tande nonm abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a, lè l te leve men dwat li ak men goch li vè syèl la. Li te jire pa li menm ki viv pou tout tan an, ki li va pou yon tan, tan yo, ak yon mwatye tan. Lè yo fin kraze pouvwa a pèp sen an, tout evenman sila yo va fini.


Mwen te pwoche youn nan sila ki te kanpe akote yo, e te kòmanse mande li kisa tout sa te vle di. “Konsa, li te eksplike mwen e te fè m konnen byen dirèk entèpretasyon a tout bagay sa yo.


Nou menm k ap rejwi nan yon bagay ki pa anyen, epi k ap di: ‘Èske se pa ak pwòp fòs kouraj nou nou rive pran kòn nan pou nou?’


Ou te frennen tèt gèye li yo ak pwòp nepe yo. Yo te antre kon toubiyon pou gaye nou. Ak gwo lajwa yo te tankou sila ki devore malere an sekrè yo.


Konsa, Mwen te leve zye m; mwen te gade, e konsa, te gen kat kòn.


Mwen te di: “Se kisa sa yo ap vin fè?” Epi li te di: “Sa yo se kòn ki te gaye Juda yo pou pèsòn pa t leve tèt yo. Men bòs fòjewon sila yo ki te vini pou teworize yo, pou fonn kòn a nasyon ki te leve kòn yo kont peyi Juda pou te gaye li a.”


Konsa, mwen te di: “O Senyè mwen an! Se kisa sa yo ye?” Epi zanj ki t ap pale avèk mwen an, te di mwen: “Mwen va montre ou kisa yo ye.”


Konsa mwen te di: “Ki kote ou prale la a?” Li te di mwen: “Pou mezire Jérusalem, pou wè ki lajè li genyen, ak longè li.”


Paske konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Menm jan ke Mwen te gen entansyon fè nou mal lè papa zansèt nou yo te pwovoke Mwen a lakòlè a,” pale SENYÈ Dèzame yo, “epi Mwen pa t ap repanti,


跟着我们:

广告


广告