Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 9:42 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

42 Sa te vin konnen toupatou nan Joppé, eanpil moun te kwè nan Senyè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

42 Yo vin konn sa nan lavil Jope. Anpil moun mete konfyans yo nan Senyè a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

42 Moun toupatou nan Jope te tande nouvèl sa k te pase a, kon sa anpil nan yo te mete konfyans yo nan Senyè a.

参见章节 复制




Travay 9:42
17 交叉引用  

Nou va koupe nenpòt bwa konstriksyon ke ou bezwen soti nan Liban pou pote ba ou ranje mare ansanm sou lanmè pou rive Japho, pou ou kab pote l monte Jérusalem.”


Men Jonas te leve al kacheTarsis pou kite prezans SENYÈ a. Konsa, li te desann Joppa, e li te jwenn yon bato ki t ap prale Tarsis. Li te peye frè a, e te desann ladann pou ale avèk yo Tarsis pou l envite prezans SENYÈ a.


Men lè Jésus te tande sa, Li te di: “Maladi sa a se pa a lanmò, men pou glwa Bondye, pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa de li.”


Pou sa, anpil nan sa ki te vin kote Marie yo, e ki te wè sa Li te fè a, te kwè nan Li.


Paske akoz li menm, anpil nan Jwif yo t ap kite e t ap kwè nan Jésus.


Jésus te kriye e te di: “Sila a ki kwè nan Mwen, pa kwè nan Mwen, men nan Li menm ki te voye Mwen an.


Koulye a, voye kèk moun Joppé e mande pou yon mesye yo rele Simon, ki rele osi Pierre.


Lè l te fin eksplike yo tout bagay, li te voye yo Joppé.


“Epi li te rapòte kijan li te wè zanj lan kanpe lakay li a, e te di: ‘Voye Joppé pou fè Simon, ke yo rele osi Pierre, vin isit la.


Men la a Senyè a te avèk yo, e yon gran kantite ki te kwè te vire vè Senyè a.


“Mwen te nan vil Joppé, e mwen te nan lapriyè. Nan yon pwofon somèy mwen te fè yon vizyon; yon sèten objè ki te vin desann kon yon gwo dra ki kenbe nan kat kwen soti nan syèl la, e li te vini tou dwat devan mwen.


Tout moun ki te rete nan Lydde ak Saron yo te wè l, e yo te vire vè Senyè a.


Alò, nan Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan.


Lydde te toupre Joppé, e disip yo te tande Pierre te la. Konsa yo te voye de mesye bò kote li pou sipliye l: “Pa fè reta! Vin kote nou”!


Apre sa li te rete anpil jou nan Joppé avèk yon bòs tanè ke yo rele Simon.


Mé-Jarkon ak Rakkon, avèk teritwa ki anfas Japho a.


跟着我们:

广告


广告