Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 9:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Li te tonbe atè e te tande yon vwa ki t ap di l: “Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Sòl tonbe atè, epi l tande yon vwa ki di li: — Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Menm kote a, Sòl tonbe atè, epi li tande yon vwa ki di l: “Sòl, Sòl, poukisa ou ap pèsekite m konsa?”

参见章节 复制




Travay 9:4
22 交叉引用  

Li te di a Agar, sèvant Saraï a, “Kibò ou sòti, e kibò ou prale?” Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.”


Men zanj SENYÈ a te rele li depi nan syèl la e te di: “Abraham, Abraham!” Li te reponn: “Men mwen isit la.”


Alò, Senyè Bondye a te rele lòm nan, e te di l: “Kote ou ye?”


Lè SENYÈ a te wè ke li te vire akote pou gade, Bondye te rele li depi nan mitan ti bwa a, e te di: “Moïse, Moïse!” Li te di: “Men Mwen.”


Konsa, mwen te tande vwa SENYÈ a, ki te di: “Se kilès ke m ap voye, e se kilès k ap ale pou Nou?” Epi mwen te di: “Men mwen! Voye mwen!”


Nan tout afliksyon yo, Li te aflije e zanj a prezans Li an te sove yo. Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li, Li te rachte yo. Li te leve yo, e te pote yo pandan tout ansyen jou yo.


Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Dèyè glwa pa Li a, Li te voye mwen kont nasyon k ap piyaje nou yo, paske sila ki touche ou a, te touche ponm de zye tèt Li.


“Mete ou lwen kongregasyon sila a, pou Mwen kapab detwi yo kounye a menm.” Yo te tonbe sou figi yo.


“Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’


Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou enkyete e twouble pa anpil bagay,


Lè konsa, Li te di yo: “Mwen menm se Li,” yo te fè bak epi tonbe atè.


Jésus te di li: “Marie!” Li te di Li an Ebre: “Rabouni!”, ki vle di “Mèt!”


Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M plis ke sa yo?” Li te di Li: “Wi Senyè. Ou konnen ke m renmen Ou.” Li te di li: “Okipe Mouton Mwen yo.”


Konsa li te tonbe atè e te rann dènye souf li. Jennjan yo te antre, yo twouve li tou mouri e te pote l ale. Yo te antere li bò kote mari li.


Li reponn: “Kilès Ou ye, Senyè?” Li te di: “Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a.


Konsa, byen gade bonte ak severite Bondye a. Anvè sila ki tonbe yo, severite, men pou ou menm, bonte Li, si ou kontinye nan bonte Li. Otreman, l ap retire ou tou.


Paske menm jan ke kò a se yon sèl, men gen anpil manm, e tout manm kò yo, malgre ke yo anpil, yo se yon sèl kò konsa tou Kris la ye.


Paske kilès ki kwè ke ou pi bon? Kisa nou genyen ke nou pa t resevwa? E si Nou te resevwa li, poukisa nou vante tèt nou kòmsi nou pa t resevwa l.


Paske nou se manm a kò Li.


跟着我们:

广告


广告