Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 9:39 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

39 Pierre te leve e te ale avèk yo. E lè l vini, yo te mennen li nan chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote li e t ap kriye. Yo te montre li tout vètman ak rad ke Dorcas te konn fè lè l te avèk yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

39 Pyè pati lamenm avèk yo. Lè l rive, yo mennen l nan chanm ki te anwo kay la. Tout vèv yo pwoche, yo t'ap kriye. Yo t'ap moutre l chemiz ak rad Dòkas te konn fè lè l te la avèk yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

39 Pyè pati tousuit avèk mesye yo. Lè l rive, yo mennen l toudwat nan chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote Pyè nan chanm nan, yo t ap kriye. Yo montre Pyè yon bann chemiz ak rad Tabita te konn fè lè l te vivan nan mitan yo.

参见章节 复制




Travay 9:39
26 交叉引用  

O fi Israël yo, kriye pou Saül, ki te fè nou abiye byen bèl ak twal wouj, ki te mete òneman an lò sou vètman nou.


Memwa a moun dwat la beni; men non mechan an vin pouri.


Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.


Jésus te reponn. Li te di: “O jenerasyon enkredil e pèvès; pandan konbyen de tan M ap avèk nou? Pandan konbyen de tan M ap sipòte nou? Mennen li ban Mwen!”


Paske malere yo ap toujou avèk nou, men Mwen menm, Mwen p ap la pou tout tan.


Li fè sa li ta kapab. Li te fè onksyon kò M davans, pou lantèman an.


Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”


Paske malere yo ap toujou avè w, men Mwen, ou p ap toujou genyen M.”


Pandan Mwen te avèk yo, Mwen t ap kenbe yo nan non Ou, sa ke Ou te ban Mwen yo. E Mwen te gade yo. Youn nan yo pa t pèdi sof fis pèdisyon an, pou Lekriti ta kapab akonpli.


Lè yo te antre nan vil la, yo te ale nan chanm anlè kote yo t ap rete a; sa vle di, Pierre Jean, Jacques André, Philippe, Thomas, Barthélemy, Matthieu, Jacques, ki te fis Alphée a, Simon, Zelòt la, ak Judas, fis a Jacques la.


Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”


Alò nan lè sa a pandan disip yo t ap vin ogmante plis, yon plenyen te vin leve nan pati a Jwif Grèk yo kont Jwif natal yo, paske vèv pa yo te neglije nan separasyon manje chak jou a.


Kèk moun fidèl te antere Étienne. Yo te fè yon gwo lamantasyon sou li.


Li te bay li men li e te fè l leve. Konsa Pierre te rele tout fidèl yo avèk vèv yo e li te prezante li vivan.


Paske si volonte a la, li akseptab selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen.


Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo.


San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv lanmou nou yo; jan nou te kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou.


Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo.


Onore vèv ki vrèman vèv yo;


Alò, sila ki vrèman yon vèv, e ki kite sèl la, fikse tout espwa l sou Bondye e kontinye nan siplikasyon ak lapriyè lajounen kon lannwit.


Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.


跟着我们:

广告


广告