Travay 8:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen32 Alò, pòsyon lekriti li t ap li a se te sila a: “Li te mennen kon yon mouton nan labatwa. Kon yon jenn mouton an silans devan sa k ap taye lenn sou do l, li pa t louvri bouch li. 参见章节1998 Haïtienne32 Men pasay li t'ap li nan liv la: Li te tankou yon mouton yo t'ap mennen labatwa. Li te tankou yon ti mouton ki pa janm rele lè y'ap taye lenn sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil32 Men sa k te nan pasaj chèf la t ap li nan liv pwofèt Ezayi a: “Li te tankou yon mouton yo t ap mennen labatwa, li tankou yon mouton ki pa rele lè y ap koupe pwal yo ki sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen. 参见章节 |