Travay 7:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen35 “Menm Moïse sila a ke yo te rejte lè yo te di: ‘Kilès ki te fè ou yon chèf e yon jij?’ Se sila a ke Bondye te voye pou li ta kapab non sèlman yon chèf, men yon liberatè avèk èd zanj ki te parèt kote li nan touf bwa a. 参见章节1998 Haïtienne35 — Moun pèp Izrayèl yo te voye Moyiz jete lè yo te di: Kilès ki mete ou la pou ban nou lòd osinon pou jije nou? Se menm Moyiz sa a Bondye te voye pou kòmande yo, pou delivre yo avèk konkou zanj ki te parèt nan ti touf bwa a. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil35 Se menm Moyiz sa a pèp la te rejte lè yo te di: Ki lès ki mete w chèf pou gouvène nou epi pou jije nou? Se menm li menm nan Bondye voye pou l yon chèf sou yo ak yon sovè pou yo tou, avèk konkou anj ki te parèt devan li nan touf bwa a. 参见章节 |