Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 7:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 “Nan jou swivan an, li te parèt a yo menm pandan yo t ap goumen youn avèk lòt. Li te eseye rekonsilye yo nan lapè e te di: ‘Moun yo, se frè nou ye. Poukisa nou ap fè mal a youn lòt?’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Nan denmen, Moyiz wè de nan moun pèp Izrayèl yo ki t'ap goumen. Li te vle fè yo byen ankò, li di yo: Mezanmi, se frè nou ye. Poukisa yonn ap maltrete lòt konsa?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Nan denmen, Moyiz retounen vin vizite pèp li a ankò. Fwa sa a, li wè de moun pèp Izrayèl la k ap goumen antre yo. Li t ap eseye fè yo rekonsilye. Li di yo: Mesye m yo, èske se pa frè nou ye? Pouki sa nou youn ap maltrete lòt konsa?

参见章节 复制




Travay 7:26
12 交叉引用  

Alò, Abram te di a Lot: “Silvouplè, pa kite gen konfli antre ou avèk mwen, ni antre bèje pa m ak bèje pa w, paske se frè nou ye.


Konsa, li te voye frè li yo pati, e pandan yo t ap sòti, li te di yo: “Pa goumen nan vwayaj la.”


Gade byen, a la bon e agreyab pou frè yo viv ak tèt ansanm!


Yon frè ki blese se pi rèd pou konvenk pase yon vil fòtifye; konfli ak li se tankou ba fè nan yon sitadèl.


Imedyatman, Li te fè disip yo antre nan kannòt la pou ale lòtbò a, pandan Li menm te voye foul la ale.


Li te sipoze ke frè li yo te konprann ke Bondye t ap bay yo delivrans atravè li menm, men yo pa t konprann.


Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon,


Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm.


跟着我们:

广告


广告