Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 7:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 e Li te delivre li nan tout afliksyon li yo. Konsa li te bay li favè avèk sajès devan Pharaon, wa Égypte la, e te fè li vin gouvènè sou Égypte, ak tout lakay li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Li delivre l nan tout malè li. Lè Jozèf parèt devan farawon an, wa peyi Lejip la, Bondye ba l bon konprann, li fè l aji yon jan ki fè wa a plezi. Farawon an mete Jozèf chèf pou l gouvènen tout peyi Lejip la ansanm ak kay wa a tou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Bondye te delivre Jozèf anba tout tribilasyon li epi li te ranpli l ak sajès. Bondye te fè Jozèf jwenn favè devan Farawon ki te wa peyi L epi p la. Konsa, Farawon te mete Jozèf chèf sou tout peyi Lejip ak sou tout kay Farawon an menm.

参见章节 复制




Travay 7:10
19 交叉引用  

Men SENYÈ a te avèk Joseph. Li te fè li gras, e Li te fè li vin gen favè nan zye a chèf prizon an.


Alò, Joseph te an pouvwa nan peyi a. Se te li menm ki te vann a tout pèp nan peyi a. Epi frè a Joseph yo te vin bese ba devan li avèk figi yo atè.


Alò, Juda te pwoche li. Li te di: “O mèt mwen, silvouplè, èske sèvitè ou kapab pale yon mo nan zòrèy a mèt la, e li p ap vin fache avèk sèvitè ou a; paske ou menm jan avèk Farawon.


zanj ki te rachte mwen de tout mal la, beni jènjan sa yo; epi ke non mwen kapab viv toujou nan yo, e non a zansèt mwen yo, Abraham avèk Isaac. Ke yo kapab grandi vin fè yon gwo pèp nan mitan mond lan.”


epi padone pèp Ou a ki te peche kont Ou an ak tout transgresyon ke yo te fè kont Ou yo, e bay yo mizerikòd devan sila ki te fè yo kaptif yo, pou yo gen konpasyon pou yo.


Paske Li pa t meprize ni rayi afliksyon a aflije yo. Ni Li pa t kache figi Li a li menm, men lè li te kriye a Li pou sekou, Li te tande.


SENYÈ a ede yo e delivre yo. Li delivre yo soti nan men mechan yo e sove yo. Li sove yo, akoz se nan Li ke yo kache.


Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan, l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l.


Paske, SENYÈ a bay sajès. Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.


Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon nan men Bondye a, ak moun.


“Pran l e okipe l, pa fè l anyen ki mal, men pito aji avèk li jan li mande ou a.”


Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.


Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.


Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.” Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan san a Jèn Mouton an.


跟着我们:

广告


广告