Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 5:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Alò, Pierre te di li: “Poukisa ke nou dakò ansanm pou tante Lespri Senyè a? Vwala, pye a sila ki te antere mari ou yo parèt nan pòt la, e yo va pote ou deyò a tou.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Lè sa a, Pyè di li: — Poukisa, ou menm ak mari ou, nou fè konbinezon sa a ansanm pou n chache pran Lespri Bondye a nan pèlen? Koute: Moun ki antere mari ou la, men yo la nan papòt la. Yo pral pote ou ale, ou menm tou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Lè sa a, Pyè di li: “Poukisa ou menm ak mari w met tèt ansanm pou nou twonpe Sentespri Senyè a? Tande byen wi, men moun ki sot antere mari w la nan pòt la ap tounen, y ap tou resoti avèk ou menm jan an.”

参见章节 复制




Travay 5:9
24 交叉引用  

Lè li te rive ke Bondye te fè m vwayaje pou kite kay papa m, mwen te di li: ‘Men yon gras ke ou va fè m: tout kote nou ale, di pa mwen menm: ‘Li se frè m.’’”


Alò, Élisée te chita lakay li a, e ansyen yo te chita avèk li. Epi wa a te voye yon mesye soti nan prezans li; men avan mesaje a te rive kote li, Élisée te di a ansyen yo: “Èske ou wè kijan mesye sa a, fis a yon asasen te voye pou retire pran tèt mwen? Gade, lè mesaje a vini, fèmen pòt la kont li e kenbe pòt la fèmen kont li. Èske se pa son a pye mèt li a ki dèyè li?”


Lè ou wè yon vòlè, ou vin dakò avè l, epi ou asosye ou avèk moun adiltè yo.


Sepandan, yo te tante e fè rebèl kont Bondye Pi Wo a, e pa t kenbe temwayaj Li yo,


Akoz sa, pèp la te chache kont avèk Moïse. Yo te di: “Bannou dlo pou nou kab bwè.” Konsa, Moïse te di: “Poukisa nou chache kont avè m? Poukisa nou pase SENYÈ a a leprèv?”


Li te nonmen kote a Massa ak Meriba, akoz kont ke fis Israël yo te genyen, e akoz ke yo te pase SENYÈ a a leprèv lè yo te di: “Èske SENYÈ a pami nou, wi oswa non?”


Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon; men desandan a moun dwat yo va delivre.


Tout sila ki gen kè ògèy, abominab a SENYÈ a; anverite, li p ap chape anba pinisyon.


Toude men yo sou sa ki mal la pou fè l byen. Prens lan mande, e jij la prè pou yon glise anba tab. Yon nonm pwisan prezante tout mechanste ke nanm li bezwen. Konsa yo trese l pou fè l vin yon sèl.


Vrèman, tout mesye ki te wè glwa Mwen ak sign Mwen te fè an Égypte ak nan dezè a, malgre sa, yo vin pase Mwen a leprèv pandan menm dis fwa sa yo, e yo pa t koute vwa M.


Jésus te di l: “Anplis sa ekri: ‘Ou pa pou tante Senyè a, Bondye Ou a’”.


Li te rele li, e te di li: ‘Kisa ke m tande sou ou la a? Bay yon kontwòl sou jerans ou, paske ou pa kab jeran ankò.’


“Alò konsa, poukisa nou mete Bondye a leprèv la a lè nou plase sou kou a disip yo yon jouk ke ni zansèt nou yo, ni nou menm pa t kapab pote?


Jennjan yo te leve li, vlope li nan yon twal e te pote l deyò pou te antere l.


Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a: “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl a bon bagay bèl yo!”


Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye.


Ni nou pa pou tante Senyè a, jankèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa sèpan yo.


跟着我们:

广告


广告