Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 5:41 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Donk yo te kite konsèy la; yo te al fè wout yo, e t ap rejwi ke yo te konsidere dign pou soufri mepri pou non Li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

41 Apòt yo kite Gran Konsèy la. Yo te kontan dèske Bondye te wè yo merite pou moun te avili yo konsa poutèt non Jezi.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Apot yo ale kite Konsèy Jwif yo. Yo t ap rejwi nan kè yo dèske Bondye te wè yo diy pou yo sibi lawont kon sa pou non Jezi.

参见章节 复制




Travay 5:41
18 交叉引用  

“Koute Mwen, nou menm ki konnen ladwati, yon pèp ki gen lalwa M nan kè yo. Pa pè repwòch a lòm, ni dekouraje lè y ap meprize nou.


Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a; nanm mwen va rejwi anpil nan Bondyè mwen an, paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo. Li te vlope m nan yon manto ladwati, tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn; e tankou yon jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.


Gade byen, sèvitè Mwen yo va rele ak jwa ak kè kontan, men nou va kriye fò ak yon kè plen doulè, e nou va rele anmwey ak yon lespri ki kraze nèt.


Tande pawòl SENYÈ a, nou menm ki tranble devan pawòl Li yo: “Frè nou ki rayi nou yo, ki rejte nou akoz non Mwen, Yo te di: ‘Kite SENYÈ a resevwa glwa, pou nou ka wè nou fè kè kontan.’ Men sila yo k ap wont.


“Beni se nou menm lè lèzòm rayi nou, izole nou, ensilte nou, e bafwe non nou kon mechan pou koz Fis a Lòm nan.


Men tout bagay sa yo, yo va fè nou pou koz a Non pa M, paske yo pa konnen Sila a ki te voye M nan.


Paul te reponn yo: “Kisa nou ap fè la a, n ap kriye pou kase kè m? Paske mwen prepare non sèlman pou m mare, men menm pou m ta mouri Jérusalem pou non Senyè Jésus a.”


Lè yo te tande sa, yo te antre nan tanp lan granmmaten, e yo te kòmanse enstwi. Men lèwo prèt la te vini, ansanm ak sila ki te avèk li yo, yo te reyini yon gran konsèy avèk tout ansyen Israël yo. Konsa yo te voye kote prizon an pou fè yo vini.


Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans.


Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.


Paske, a nou menm li te vin pèmèt, pou koz a Kris la, non sèlman pou kwè nan Li, men osi pou soufri pou koz Li.


Paske nou te montre konpasyon pou prizonye yo e te aksepte l avèk jwa lè yo te sezi byen nou yo, nan konnen ke nou te gen yon pi bon posesyon k ap dire nèt.


ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.


Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo


Paske yo te sòti pou kòz a Non an, san aksepte anyen nan men etranje yo.


跟着我们:

广告


广告