Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 5:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 Paske pa anpil jou avan sa, te leve yon Theudas ki t ap pretann li menm te yon pèsonaj, epi yon gwoup kat-san òm te vin jwenn avèk li. Men yo te touye li, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye, e pa t reyalize anyen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

36 Sa pa gen lontan, Tedas te parèt. Li te pran pòz enpòtan li. Li te jwenn katsan moun konsa ki te fè bann ak li. Yo touye li, epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye. Se konsa mouvman an te tou kraze.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

36 Nou sonje, pa twò lontan, yon nonm ki te rele Tedas ki te parèt ap pran pòz li se kichòy. Te gen katsan (400) moun ki te met tèt ansanm ak li. Men Tedas mouri epi gwoup la gaye. Mouvman an tou mouri mouri l tou.

参见章节 复制




Travay 5:36
14 交叉引用  

Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo ap prezante e montre gwo sign avèk mirak pou yo ta kab, si li te posib, redwi nan erè menm sila ki eli yo.


“Si yo di nou ‘Men Li nan dezè a’ pa ale la; oubyen ‘Gade la, Li la nan chanm pa anndan an, pa kwè yo.


Konsa, anpil moun ap vini nan non Mwen k ap di: ‘Se Mwen ki Kris La’, e yo va kondwi anpil moun nan erè.


Alò se pa ou menm Ejipsyen an ki kèk tan pase te soulve yon revòlt, e te mennen kat mil òm asasen pou rive nan dezè a?”


Li te di yo: “Moun Israël yo, veye nou menm ak sa nou gen entansyon fè avèk mesye sila yo,


Alò, te gen yon nonm yo te rele Simon, ki te konn pratike maji nan vil la. Li t ap fè pèp Samarie a sezi, konsi li t ap vante tèt li, ke li menm te yon moun pwisan.


Men de sila ki te gen gwo repitasyon yo—sa yo te ye pa gen enpòtans pou mwen; Bondye pa nan patipri—byen, sila ki te gen repitasyon yo pa t ogmante anyen anplis pou mwen.


Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li.


Paske nan pale fò avèk awogans ak vanite, yo sedwi pa dezi lachè yo, pa sansyalite, atake sila ki prèske pa gen fòs yo pou chape devan sila ki viv nan erè yo,


Anpil va swiv vi sansyèl yo, e akoz de yo, chemen laverite a va meprize.


Sa yo se moun k ap plenyen fò nan gòj, k ap toujou twouve fòt, epi k ap swiv pwòp lanvi lachè pa yo. Yo pale avèk awogans, flatè moun, pou yo kapab gen yon avantaj.


Li te pote mwen lwen nan Lespri a nan yon dezè. Mwen te wè yon fanm ki te chita sou yon bèt wouj, plen ak non blasfèm, ki te gen sèt tèt ak dis kòn.


Sou fon li, te ekri yon non: MISTÈ: “BABALONE LE GRAN, MANMAN A PWOSTITIYE AK ABOMINASYON SOU LATÈ YO”.


跟着我们:

广告


广告