Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 4:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: “Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Men, Pyè ak Jan reponn yo: — Jije nou menm kisa ki pi bon devan Bondye: Obeyi nou osinon obeyi Bondye?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Men, Pyè ak Jan reponn Gran Konsèy la, yo di yo: “Ki sa nou panse Bondye ta vle, pou n obeyi nou osinon pou n obeyi Bondye?

参见章节 复制




Travay 4:19
30 交叉引用  

Alò, bagay sa a te devni yon peche. Paske pèp la te ale pou adore devan youn nan yo jis rive Dan.


Konsa, li te retounen avèk li e te manje pen lakay li a e te bwè dlo.


Li va abandone Israël akoz peche ke Jéroboam te fè a, e avèk sila ke li te fè Israël antre nan peche a.”


Konsa, mesye lavil li yo, ansyen avèk prens ki te rete la yo, te fè jan Jézabel te voye di yo a, jis jan ke li te ekri nan lèt ke li te voye yo.


Men Michée te di: “Jan SENYÈ a viv la, sa ke SENYÈ a pale mwen an, se sa mwen va pale.”


Epi Wa Achaz te kòmande Urie, prèt la, e li te di: “Sou gran lotèl la, brile ofrann brile maten an ak ofrann sereyal aswè a; epi ofrann brile wa a avèk ofrann sereyal pa li a, avèk ofrann brile a tout pèp peyi a avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason yo; epi flite sou li tout san a ofrann brile a e tout san a sakrifis la. Men lotèl bwonz lan va sèlman pou mwen pou m kab mande konsèy ladann.


Pou sa, Urie, prèt la, te fè tout bagay selon sa ke Wa Achaz te kòmande a.”


Vrèman, èske nou pale ladwati, O lòt dye yo? Èske nou jije san fòt, O fis a lòm yo?


Men fanm saj yo te pè Bondye, yo pa t fè jan wa Égypte la te kòmande yo a, men yo te kite gason yo viv.


Konsa, Jérémie te pale ak tout ofisye yo ak tout pèp la. Li te di: “SENYÈ a te voye mwen pou pwofetize kont tout kay sila a, tout pawòl ke nou te tande yo.


Men menm si li pa fè sa, kite sa vin konnen a ou menm, O wa, ke nou p ap sèvi dye pa ou yo ni adore imaj fèt an lò ke ou te fè monte a.”


Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou fè lapriyè, e bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te kon fè oparavan an.


Éphraïm vin oprime, Li vin kraze nan jijman an, akoz li te pran desizyon pou swiv zidòl yo.


Konsa, tande pawòl SENYÈ a: “W ap di: ‘Ou pa pou pwofetize kont Israël, ni ou pa pou pale kont lakay Isaac.’


Paske se règleman Omri yo nou kenbe, ak tout zèv lakay Achab yo nou obsève, e se nan konsèy yo ke nou mache. Akoz sa, Mwen va fè ou vin detwi nèt. Pèp ou a va giyonnen, e ou va sipòte repwòch a pèp Mwen an.”


Yo reponn Li: “Se pou César”. Li te di yo: “Ebyen, bay a César sa ki pou César, e bay Bondye sa ki pou Bondye.”


Li te voye Pierre avèk Jean e te di: “Ale prepare Pak la pou nou pou nou kab manje li.”


“Pa jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis.”


Alò, lè yo te wè konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo.


Li te di yo konsa: “Èske nou pa t bay nou yon lòd byen klè pou nou pa kontinye enstwi nan non sila a? E malgre sa a, nou fin ranpli tout Jérusalem avèk enstriksyon nou yo, e nou gen entansyon voye san mesye sa a sou nou”.


Alò Pierre avèk apòt yo te reponn e te di: “Nou oblije obeyi a Bondye olye a lòm.


Mwen pale, konsi, se ak moun saj. Byen jije sa ke mwen di a.


Men nou renonse a bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye.


Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon.


Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an,


Pa lafwa Moïse, lè l te fèt, te kache pandan twa mwa pa paran li yo, paske yo te wè ke li te yon bèl pitit; e yo pa t pè lòd wa a.


Èske nou pa fè yon distenksyon pami nou menm, e nou vin jij avèk move lentansyon?


跟着我们:

广告


广告