Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 3:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 “Men nou te nye Sila ki Sen e Jis la, e te mande yo livre bannou yon asasen,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Jezi se moun Bondye te chwazi a, li te mache dwat devan Bondye, men nou voye l jete, nou te pito mande Pilat pou l te lage yon ansasen ban nou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Nou te rejte Jezi, moun Bondye te chwazi a epi ki te mennen bak li byen devan Bondye. Nou te pito mande Pilat pou l lage yon kriminèl ban nou olye pou l ta lage Jezi.

参见章节 复制




Travay 3:14
22 交叉引用  

Paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo; ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.


Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.


Men chèf prèt yo avèk lansyen yo te konvenk yo pou mande pou Barabbas, e pou mete Jésus a lanmò.


pou di: “Kisa nou gen avè w, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen kilès Ou ye Sila ki Sen Bondye a!”


Men chèf prèt yo te chofe foul la pou mande Pilate, olye sa a, pou li ta lage bay yo Barabbas.


Epi te gen yon mesye yo rele Barabbas, ki te vin pran prizon, ansanm avèk sila ki t ap fè revòlt yo. Mesye sa yo, te responsab touye moun.


Zanj lan te reponn. Li te di li: “Lespri Sen an va vini sou ou, e pwisans a Pi Wo a va kouvri ou avèk lonbraj Li. Pou rezon sa a, pitit sen sa a va rele Fis a Bondye.


Li te libere mesye ke yo t ap mande a, ki te jete nan prizon pou rebelyon ak touye moun nan, men li te livre Jésus kon volonte pa yo.


Selon ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò.


Pou sa yo te kriye ankò e te di: “Pa mesye sila a, men lage Barabbas”. Alò, Barabbas te yon vòlè.


Malgre yo pa t twouve okenn choz ki merite lanmò, yo te mande Pilate pou li ta fè l mouri.


paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo, ni kite Sen Ou an sibi dekonpozisyon an.


“Li te di: ‘Bondye a zansèt nou yo te nome ou pou konnen volonte l, pou wè Sila Ki Jis la, e pou tande yon pawòl ki sòti nan bouch Li.


“Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la,


Li te di yo konsa: “Èske nou pa t bay nou yon lòd byen klè pou nou pa kontinye enstwi nan non sila a? E malgre sa a, nou fin ranpli tout Jérusalem avèk enstriksyon nou yo, e nou gen entansyon voye san mesye sa a sou nou”.


Kilès nan pwofèt yo ke zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo te touye sila yo ki avan lè te anonse ke Sila Ki Jis la t ap vini; ke nou menm koulye a trayi e asasine.


Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.


Nou te kondane e mete a lanmò nonm jis la; li pa t reziste kont nou.


Paske Kris osi te mouri pou peche yo yon fwa pou tout, Li menm ki te jis pou enjis yo, pou Li ta kapab mennen nou kote Bondye, deja mò nan lachè, men fèt vivan nan lespri a.


Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat.


“A zanj legliz nan Philadelphie a, ekri: Sila ki sen an, ki vrè a, ki gen kle David la, k ap louvri pou pèsòn p ap ka fèmen l, e ki fèmen pou pèsòn p ap ka louvri a, di konsa:


跟着我们:

广告


广告