Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 28:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Lè natif yo te wè bèt la k ap pann soti nan men li, yo te kòmanse di youn ak lòt: “San dout mesye sa a se yon asasen, epi malgre li sove soti nan lanmè a, jistis p ap kite li viv.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Lè moun zile yo wè sèpan an pandye nan men Pòl, yonn t'ap di lòt: — Gen lè nonm sa a se yon ansasen. Li chape nan nofraj la, epi men jistis Bondye ap pousib li toujou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Lè moun ki t ap viv sou zile a te wè koulèv la kole nan men Pòl, yo di konsa: “Se sèten, nonm sa a se yon nonm ki konn touye moun! Li pa t mouri nan lanmè a, men dye ki konn fè jistis la pa ba l chans pou l viv.”

参见章节 复制




Travay 28:4
20 交叉引用  

Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”


Yon nonm ki twouble ak koupabilite san moun va yon fijitif jiskaske li mouri. Pinga pèsòn ba li soutyen.


Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li, pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo. Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo, e li p ap kache mò li yo ankò.


Bèt nan chan yo va bay glwa a Mwen menm, chen mawon nan chan yo ak otrich yo, akoz Mwen te bay dlo nan savann nan e rivyè nan dezè a pou pèp chwazi Mwen an ka bwè.


Sa se gwo vil ki plen ak kè kontan, ki te viv san refleshi. Li te di nan kè l: “Se Mwen, e nanpwen sòf ke mwen.” Ala dezole li vin dezole! Yon kote pou bèt repoze yo. Tout moun ki pase kote l va soufle kon koulèv, e va voye pwen mare yo anlè sou li.


pou sa rive ke sou nou kapab tonbe koupabilite pou tout san ki te vèse sou latè yo, kòmanse avèk Abel ki te jis, pou rive jouk nan san Zacharie, fis a Barachie a, ke nou te asasine antre tanp lan ak lotèl la.


Tout pèp la te reponn e te di: “Kite san Li sou nou e sou Pitit nou yo!”


Jésus te reponn yo: “Èske nou sipoze ke Galileyen sa yo te pi gwo pechè pase tout lòt Galileyen yo akoz yo te soufri sò sa a?


Oubyen èske nou sipoze ke lè tou nan Siloé a te tonbe sou diz-uit yo, e te touye yo, ke yo te koupab pase tout lòt moun ki t ap viv Jérusalem yo?


“Pa jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis.”


Natif peyi yo te byen resevwa nou ak yon dousè ekstrawòdinè. Akoz lapli a ki te vin fèmen sou nou, avèk anpil fredi, yo te limen yon dife e te resevwa nou tout.


Men lè Paul te ranmase yon pakèt bwa e te mete yo sou dife a, yon vipè te sòti akoz chalè a e te tache nan men l.


Konsa, li te souke retire bèt la jete nan dife a, men l pa t gen anyen.


Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”


跟着我们:

广告


广告