Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 27:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Soti la nou te monte sou lanmè a pou te pran vwal anba pwoteksyon Chypre akoz van an ki te kontrè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Apre nou kite Sidon, nou pase sou bò dwat zile chip, nou lonje lakòt la sou anwo. Paske van an te kontrè pou nou lòt bò a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Nou pati kite vil sa a epi nou navige pase toupre zile Chip, paske van an t ap soufle nan yon sans kontrè.

参见章节 复制




Travay 27:4
10 交叉引用  

Men kannòt la te deja byen lwen tè a, byen bat pa vag lanmè yo, paske van an te byen move.


Lè L te wè yo t ap fè fòs sou zaviwon yo akoz van an te kont yo, nan anviwon katriyèm è nan aswè, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a, kòmsi Li te gen entansyon ale devan pou kite yo dèyè.


Nan youn nan jou sa yo, Li te monte avèk disip Li yo nan yon kannòt. Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò lak la.” Yo te pati.


Konsa, ranvoye pa Lespri Sen an, yo te desann Séleucie. Depi la yo te pran yon bato pou Chypre.


Yo te vin tèlman pa dakò ke yo te separe youn de lòt. Barnabas te pran Marc avè l e te pran bato a vwal pou Chypre.


Anplis, Kèk nan disip Césarée yo te vini avèk nou, e te mennen nou kote Mnanson ki sòti Chypre, yon disip depi anpil tan avèk sila nou te vin rete.


Lè nou te vin wè Chip, kite l agoch, e te kontinye kouri bato pou Syrie, e te rive nan Tyr, paske se la bato a te gen pou debake chaj li.


Nou te navige byen lantman pandan anpil jou, epi avèk difikilte te rive akote Nid, akoz ke van pa t pèmèt nou ale pi lwen. Akoz sa nou te pran vwal anba pwoteksyon Crète la, toupre Salmone.


Joseph, yon Levit ki te ne an Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis Ankourajman an


跟着我们:

广告


广告