Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 27:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Nou te anbake nan yon bato Adramityen ki te prèt pou pran vwal pou rejyon akote kot Asie. Nou te monte nan lanmè a, akonpanye pa Aristarque, yon Masedonyen ki soti Théssalonique.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Nou anbake sou yon batiman ki te sòti lavil Adramit ki ta pral fè lakòt nan Lazi. Epi nou pati. Aristak, yon moun lavil Tesalonik nan peyi Masedouàn, te avèk nou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Nou te monte nan yon bato ki te soti lavil Adramit epi ki te dwe pase plizyè kote nan pwovens Lazi a. Epi nou pati. Aristak, moun Tesalonik nan Masedwàn, te ale ansanm ak nou.

参见章节 复制




Travay 27:2
17 交叉引用  

Nan youn nan jou sa yo, Li te monte avèk disip Li yo nan yon kannòt. Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò lak la.” Yo te pati.


Li te swiv Paul avèk nou menm, e li t ap kriye fò san sès, e t ap di: “Mesye sa yo se sèvitè yo a Bondye Trè Wo a, k ap pwoklame a nou menm, youn chemen sali a.”


Alò, lè yo te fin vwayaje travèse Amphipolis ak Apollonie, yo te rive Thessalonique, kote te gen yon sinagòg Jwif.


Anpil nan sila ki te konn pratike maji yo te vin pote liv yo, e te kòmanse boule yo devan zye a tout moun. Yo te kontwole pri a yo e te twouve l kòm senkant mil pyès dajan.


Vil la te ranpli avèk boulvèsman sa a. Yo te kouri avèk yon sèl panse antre nan teyat la, e te trennen Gaïus ak Aristarque, vwayajè parèy ak Paul ki sòti Macédoine yo.


Patyen yo, Mèd yo, Elamit yo, moun Mésopotamie yo, Judée ak Cappadoce yo Pont ak Asie yo


Lè l rive ke jou nou yo pou rete la te fini, nou te pati fè wout nou, pandan yo menm avèk madanm ak timoun yo te akonpanye nou jiskaske nou te kite vil la. Apre nou te mete nou ajenou bòdmè a pou fè lapriyè, nou te di orevwa a youn lòt.


Anplis, yo te onore nou avèk anpil mak respè, e lè nou t ap pran vwal, yo te founi nou tout sa nou te bezwen.


Apre nou te antre o pò nan Syracuse, nou te rete la pandan twa jou.


Lè nou te antre Rome, Paul te jwenn pèmisyon pou rete pou kont li, avèk sòlda ki t ap veye l la.


Natif peyi yo te byen resevwa nou ak yon dousè ekstrawòdinè. Akoz lapli a ki te vin fèmen sou nou, avèk anpil fredi, yo te limen yon dife e te resevwa nou tout.


Aristarque, prizonye parèy a mwen an, voye salitasyon bannou; ak Marc, kouzen a Barnabas la, (se sou li, nou te resevwa enstriksyon yo; si li vin kote nou, resevwa l byen).


tankou Marc, Aristarque, Démas Luc, ouvriye parèy a mwen yo.


跟着我们:

广告


广告