Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 25:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Apre Paul te rive, Jwif ki te desann sòti Jérusalem yo te kanpe antoure li. Yo t ap pote anpil chaj byen serye kont li ke yo pa t kab pwouve.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Lè Pòl rive, jwif ki te sòti Jerizalèm yo vin kanpe bò kote l, yo pote anpil gwo akizasyon kont li, men yo pat kapab bay okenn prèv.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Lè Pòl parèt nan tribinal la, kolonn Jwif ki te soti Jerizalèm yo te antoure l. Yo pote anpil gwo akizasyon kont li, men yo pa t ka bay okenn prèv.

参见章节 复制




Travay 25:7
16 交叉引用  

pou ou kab fè rechèch nan achiv a papa zansèt pa ou yo. Konsa, ou va dekouvri nan rekò ansyen yo ke vil sila a se yon vil rebelyon, ki konn fè donmaj a wa yo avèk pwovens yo, e ke yo te pwovoke revolisyon ladann nan tan pase yo. Se pou rezon sa a, ke vil sa a te vin detwi nèt konsa.


Epi Haman te di a Wa Assuérus: “Genyen yon sèten pèp ki gaye toupatou pami pèp la nan tout pwovens nan wayòm ou an; lwa pa yo pa menm ak tout lòt pèp nan pwovens a wayòm ou an. Yo menm, yo pa swiv lwa a wa a, e konsa, li pa nan enterè a wa a pou kite yo rete la.


Pa livre mwen de dezi lènmi mwen yo, paske fo temwen yo vin leve kont mwen, sila k ap respire vyolans yo.


Fo temwen sovaj yo leve. Yo mande mwen bagay ke m pa menm konnen.


Apre sa, kèk Farizyen ak Skrib ki te sòti Jérusalem te vin kote Jésus pou mande L:


Chèf prèt yo avèk skrib yo te kanpe la, e t ap akize Li avèk vanjans.


Yo te kòmanse akize L, e te di: “Nou te twouve mesye sa t ap egare nasyon nou an, e t ap anpeche yo peye kontribisyon yo bay César, e te di ke Li menm, Li se Kris la, yon Wa.”


Yo t ap kriye fò: “Mesye Israël yo, vin bay nou konkou! Sa se mesye ki preche a tout moun kont pèp nou an ak Lalwa a, ak kote sila a. Anplis de sa, li gen tan fè Grèk yo antre nan tanp lan, e te souye lye sen sa a.”


Ni yo pa kapab pwouve ou de chaj sou sila yo akize mwen koulye a.


Festus te di: “Wa Agrippa, e tout moun ki prezan avèk nou la a, ou wè nonm sila a, sou kilès tout pèp Jwif la te fè vin kote mwen, ni nan Jérusalem, ni isit la, pou te deklare byen fò ke li pa t dwe viv ankò a.


Yo anpeche nou pale avèk etranje yo pou yo kapab sove. Kon rezilta yo toujou ranpli mezi peche pa yo. Men lakolè gen tan vini sou yo pi rèd.


跟着我们:

广告


广告