Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 25:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Apre Festus te fin pase plis ke di jou pami yo, li te desann Césarée. Nan pwochen jou a li te pran chèz li devan tribinal la, e te kòmande yo fè Paul vini.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Festis pase wit a dis jou sèlman avèk yo Jerizalèm. Apre sa li tounen Sezare. Nan denmen, l'al chita nan tribinal la, li bay lòd pou yo mennen Pòl.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Apre sa, Festis pase uit a dis jou ankò nan Jerizalèm epi l desann Sezare. Nan landmen, Festis al chita nan tribinal la epi li mande sòlda yo pou yo mennen Pòl devan li.

参见章节 复制




Travay 25:6
11 交叉引用  

Pandan Li te chita sou chèz jijman an, madanm li te voye di li: “Pa gen anyen pou fè avèk Nonm jis sila a; paske jodi a, mwen te soufri anpil nan yon rèv akoz de Li menm.”


Lè konsa, Pilate te tande pawòl sa yo, li te mennen Jésus deyò, e te chita sou chèz jijman an nan plas yo rele Pave a, men an Ebre Gabbatha.


Konsa, Festus, apre twa jou nan pwovens lan, te kite Césarée pou monte Jérusalem.


Men Paul te di: “Mwen kanpe devan tribinal César a, kote mwen dwe jije a. Mwen pa fè okenn mal a Jwif yo, jan ou menm osi byen konnen an.


Donk, apre yo te fin ransanble la a, mwen pa t fè reta, men nan pwochen jou a, te pran chèz mwen sou tribinal la, e te kòmande mesye sila a vin devan mwen.


Answit Festus te reponn ke Paul t ap kenbe nan gadavi Césarée, e ke li menm t ap sòti talè.


“Konsa”, li te di: “Kite prensipal moun pami nou yo ale avè m, e si gen yon bagay ki mal nan nonm sa a, kite yo pouswiv sa nan lajistis.”


Men Philippe te twouve li menm nan Azot. Pandan li t ap travèse, li te kontinye preche bòn nouvèl la nan tout vil yo jiskaske li te rive Césarée.


Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.


Men nou te dezonore moun pòv la. Èske se pa rich yo ki oprime nou e mennen nou tout nan tribinal.


跟着我们:

广告


广告