Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 25:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Men mwen te twouve ke li pa t fè okenn bagay ki te merite lanmò; epi akoz ke li menm te fè apèl a Anperè a, mwen te deside voye l.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Mwen menm, pou tèt pa m, mwen wè li pa fè anyen ki merite lanmò. Men, li menm li mande pou Seza tande kòz li. Se poutèt sa, mwen pran desizyon voye l bay Seza.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Lè m tande li, m pa jwenn li koupab de anyen pou l ta merite lanmò. Men, li menm li mande pou Seza tande koz li. Konsa mwen deside voye l nan lavil Wòm.

参见章节 复制




Travay 25:25
11 交叉引用  

Epi ofisye yo ak tout pèp la te di a prèt yo e a pwofèt yo: “Nou p ap pase lòd lanmò pou nonm sa a, paske li te pale nou nan non SENYÈ a, Bondye nou an.”


Li te di yo: “Nou te mennen nonm sa a kote mwen tankou yon moun ki t ap pouse pèp la a rebelyon, e gade byen, selon egzamen ki fèt devan nou, mwen pa twouve okenn koupabilite nan Li, selon chaj ke nou fè kont Li yo.


Answit Pilate te di a chèf prèt yo avèk foul la: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sa a”.


Pilate te di L: “Kisa ki laverite a?” Lè l fin di sa, li te ale deyò ankò kote Jwif yo, e te di yo: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sila a.


Konsa, mwen te vin twouve ke li te akize sou kesyon konsènan pwòp lwa pa yo, men pa anba okenn akizasyon ki te merite lanmò oubyen prizon.


Konsa, te vin rive gen yon gwo tapaj. Kèk nan skrib pati Farizyen yo te kanpe e te kòmanse diskite byen cho. Yo t ap di: “Nou pa twouve okenn fot avèk nonm sila a. Si se yon lespri oswa yon zanj te pale ak li, annou pa goumen kont Bondye!”


“Deja mwen pa gen anyen definitif pou ekri a mèt mwen. Donk mwen mennen li devan nou tout, e espesyalman devan ou, Wa Agrippa, pou lè ankèt la fèt, pou mwen kapab gen yon bagay pou m ekri.


Epi lè yo te ale akote, yo te kòmanse pale youn ak lòt. Yo t ap di: “Mesye sila a p ap fè anyen ki merite lanmò oubyen prizon.”


Lè yo te deside ke nou ta pran vwal pou Italie, yo te pwosede livre Paul avèk kèk lòt prizonye bay yon santenye ki manm nan kowòt Auguste la, ki te nome Julius.


Epi lè yo menm te egzamine mwen, yo te dakò pou lage m paske yo pa t twouve baz pou mete m a lanmò.


跟着我们:

广告


广告