Travay 25:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen16 “Mwen te reponn yo ke se pa koutim a Women yo pou livre okenn moun avan sila ki akize a wè akizatè li yo fasafas e vin gen chans pou fè defans li kont chaj yo. 参见章节1998 Haïtienne16 Mwen reponn yo: Se pa koutim moun lavil Wòm yo pou yo renmèt yon akize bay lènmi l konsa san yo pa mete l fasafas ak moun k'ap akize l yo anvan. Se pou l gen chans defann tèt li tou anba akizasyon yo. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil16 M te di yo: Lè yo akize yon moun de bagay ki mal, Women yo pa gen nan koutim yo pou yo remèt li bay moun pou jije li san l pa gen chans defann tèt li devan moun k ap akize l yo anvan epi pou l defann tèt li parapò ak akizasyon yo pote kont li yo. 参见章节 |