Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 24:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Men apre dezan te pase, Félix te ranplase pa Porcius Festus, e pou te jwenn favè ak Jwif yo, li te kite Paul anprizone.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Dezan pase konsa. Feliks menm ki te vle fè jwif yo plezi te kite Pòl nan prizon tout tan sa a. Apre sa, Pòsiyis Festis vin moute gouvènè nan plas Feliks.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Men, apre dezan, Pòsiyis Festis vin gouvènè nan plas Feliks. Konsa, Feliks al kite Pòl nan prizon an pou l te ka fè Jwif yo plezi.

参见章节 复制




Travay 24:27
15 交叉引用  

Ou pa pou swiv foul la nan fè mechanste, ni ou pa pou fè temwen nan yon pwosè k ap vire pou swiv foul la pou ou kapab fè lajistis vin konwonpi.


Lakrent a lòm mennen yon pèlen; men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.


Konsa, yo te rale Jérémie fè l monte leve sòti nan sitèn nan, e Jérémie te rete nan lakou kay gad la.


Akoz ke li te vle satisfè foul la, Pilate te lage Barabbas pou yo. Lè li te fin fè yo bat Jésus ak fwèt, li te livre L, pou L ta krisifye.


Lè l te wè ke sa te fè Jwif yo kontan, li te avanse pou l arete Pierre tou. Sa se te pandan jou Pen San Ledven yo.


li te di: “Mwen va bay ou yon odyans apre akizatè ou yo vin rive tou.” Konsa, li te bay lòd pou yo ta kenbe l nan Pretwa Hérode la.


Konsa, Festus, apre twa jou nan pwovens lan, te kite Césarée pou monte Jérusalem.


Pandan yo t ap pase anpil jou la, Festus te mete ka a Paul la devan wa a, e t ap di: “Genyen yon sèten nonm ke Félix te kite kòm prizonye.


Answit Festus te reponn ke Paul t ap kenbe nan gadavi Césarée, e ke li menm t ap sòti talè.


Men Festus ki te vle plè Jwif yo, te reponn Paul. Li te di: “Èske ou dakò pou monte Jérusalem pou pase nan jijman devan mwen sou chaj sila yo?”


Epi Agrippa te di a Festus: “Mesye sa a ta gen dwa libere si li pa t fè apèl a César.”


Konsa, Paul te rete la pandan dezan nan pwòp chanm li ke li te lwe a. Li te trè kontan resevwa tout sila ki te vin wè li yo.


Alò, èske koulye a mwen ap chache favè lòm, oubyen Bondye? Oubyen èske m ap fòse fè lòm plezi? Si mwen t ap toujou eseye fè lòm plezi, mwen pa t ap yon sèvitè a Kris la.


跟着我们:

广告


广告