Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 23:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 li te di: “Mwen va bay ou yon odyans apre akizatè ou yo vin rive tou.” Konsa, li te bay lòd pou yo ta kenbe l nan Pretwa Hérode la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

35 — Lè moun k'ap akize ou yo va vini, m'a tande sa ou gen pou di. Epi li bay lòd pou yo mete Pòl sou bon gad nan gwo palè Ewòd la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

35 Lè sa a, li di Pòl: “M ap gen pou tande ka w la lè Jwif k ap akize w yo va rive.” Apre sa, gouvènè a pase lòd pou yo fèmen Pòl nan palè Ewòd la.

参见章节 复制




Travay 23:35
14 交叉引用  

Konsa, yo te rale Jérémie fè l monte leve sòti nan sitèn nan, e Jérémie te rete nan lakou kay gad la.


Aprè Jésus te fin fèt Bethléem nan peyi Judée pandan Hérode te wa, konsa yon ekip mesye saj ki sòti nan lès te rive Jérusalem pou mande;


Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo.


Lè Hérode te tande sa, li te vin twouble, e tout Jérusalem avèk li.


Epi sòlda a gouvènè yo te pran Jésus ale nan pretwa a (lakou gad la), e te rasanble tout kowòt la (yon bann sòlda Women) pou antoure Li.


Yo te mennen Jésus soti kote Caïphe, pou antre nan Tribinal la. Li te trè bonè, e yo pa t antre nan tribinal la pou yo pa vin souye, pou yo toujou ta kapab manje Pak la.


“Lè m te enfòme ke ta gen yon konplo kont li, mwen te voye li kote ou sibitman, e osi te enstwi akizatè li yo pou mennen chaj kont li yo devan ou.”


Apre senk jou wo prèt la Ananias te vin desann avèk kèk ansyen, avèk yon sèten avoka ki te rele Tertulle. Yo te pote chaj kont Paul yo bay gouvènè a.


Lè gouvènè a te fè l sinyal pou l pale, Paul te reponn: “Byen konesan, ke depi anpil ane, ou se yon jij nan nasyon sila, se avèk jwa ke m ap fè defans mwen.


ki ta dwe prezan devan ou pou fè akizasyon, si yo ta gen anyen kont mwen.


Men Félix, ki te gen yon konesans pi egzakt de Chemen an, te repouse yo, e t ap di: “Lè Lysias kòmandan an vin desann, mwen va deside ka ou a”.


Answit Li te bay lòd a santenye a pou l retire l nan gadavi a, men avèk yon sèten libète, e pa anpeche okenn nan zanmi li yo sèvi li.


“Mwen te reponn yo ke se pa koutim a Women yo pou livre okenn moun avan sila ki akize a wè akizatè li yo fasafas e vin gen chans pou fè defans li kont chaj yo.


跟着我们:

广告


广告