Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 22:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 “Epi mwen te reponn: “Kilès ou ye, Senyè?” “E Li te di mwen: ‘Mwen se Jésus de Nazareth, ke w ap pèsekite a.’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Mwen mande: Ki moun ou ye, Senyè? Epi li di mwen: Mwen se Jezi, moun Nazarèt, w'ap pèsekite a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Mwen reponn: Ki lès ou ye Senyè? Epi li reponn mwen: Se mwen menm, Jezi, nonm Nazarèt la, w ap pèsekite a.

参见章节 复制




Travay 22:8
16 交叉引用  

Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Dèyè glwa pa Li a, Li te voye mwen kont nasyon k ap piyaje nou yo, paske sila ki touche ou a, te touche ponm de zye tèt Li.


Li te vin rete nan yon vil yo rele Nazareth pou sa ke pwofèt yo te pale yo ta kapab akonpli: “Yo va rele Li yon Nazareyen”.


“Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’


“Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’


Men Pierre te di: “Sa p ap janm fèt, Senyè, paske Mwen pa janm manje anyen ki pa sen e pwòp.”


Mwen te tonbe atè e te tande yon vwa ki te di m: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?’


“Alò mwen te reflechi a mwen menm, ke mwen te oblije aji avèk anpil fòs kont non a Jésus de Nazareth la.


Men Pierre te di: “Nou pa gen lajan, ni lò, men sa ke mwen genyen an, m ap bay ou li. Nan non Jésus Kri de Nazarèt, mache!”


kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante.


Paske nou konn tande li di ke Nazareyen sila a, Jésus, va detwi plas sila a e chanje koutim ke Moïse te bannou yo.”


Paske menm jan ke kò a se yon sèl, men gen anpil manm, e tout manm kò yo, malgre ke yo anpil, yo se yon sèl kò konsa tou Kris la ye.


SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa a pèp la selon tout sa ke yo di ou, paske yo pa t rejte ou, men yo te rejte Mwen kòm wa sou yo.


跟着我们:

广告


广告