Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 22:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Men lè yo te tire kò l avèk kòd fèt an kwi, Paul te di a santenye a ki te kanpe akote a: “Éske li pèmi pou ou fwete yon sitwayen Women ki pa menm kondane?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Lè yo fin mare l pou bat li, Pòl di ofisye ki te la a: — Eske nou gendwa bat yon sitwayen women ki pa menm pase devan yon tribinal?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Pandan yo t ap mare Pòl pou y al bat li, li di yon ofisye ki te la: “Èske nou gendwa bat yon sitwayen Women okenn tribinal pa kondane?”

参见章节 复制




Travay 22:25
13 交叉引用  

Men veye lèzòm, y ap livre nou devan tribinal yo, e y ap bat nou ak fwèt nan sinagòg yo.


Epi santenye a ak sila ki te avèk li yo ki t ap veye Jésus yo, lè yo te wè tranbleman de tè a, ak bagay ki t ap fèt yo te vin fè pè anpil. Yo te di: “Anverite, sa se te Fis a Bondye a!”


Men sentiwon an te reponn Li: “Senyè, mwen pa dign pou Ou pase anba twati kay mwen, men sèlman di yon mo, e sèvitè mwen an va geri.


Alò, te gen yon sèten nonm nan Césarée ke yo te rele Corneille, yon santenye nan kowòt Italyen an.


Men Paul te di yo: “Yo gen tan bat nou an piblik san jijman, moun ki se sitwayen Women, e yo te jete nou nan prizon. Alò, koulye a y ap voye nou ale an sekrè? Anverite, non! Men kite yo vini yo menm, pou mete nou deyò.”


Lè santenye a te tande sa, li te ale kote kòmandan an, e te di l: “Kisa w ap fè? Paske nonm sa a se yon Women.


Konsa, Paul te rele youn nan santenye kote l yo e te di li: “Mennen jennonm sila a kote kòmandan an paske li gen yon rapò pou bay li.”


“Lè mesye sa a te arete pa Jwif yo, e te prèt pou l te touye pa yo, mwen te vini sou yo avèk sòlda yo pou sekouri l, akoz ke m te vin konprann ke li te yon sitwayen Women.


“Mwen te reponn yo ke se pa koutim a Women yo pou livre okenn moun avan sila ki akize a wè akizatè li yo fasafas e vin gen chans pou fè defans li kont chaj yo.


Lè yo te deside ke nou ta pran vwal pou Italie, yo te pwosede livre Paul avèk kèk lòt prizonye bay yon santenye ki manm nan kowòt Auguste la, ki te nome Julius.


Pwochen jou a nou te antre kote Sidon. Julius te byen trete Paul e te pèmèt li ale bò kote zanmi li yo, kote li te resevwa swen.


Men santenye a ki te vle fè Paul rive sof, te anpeche entansyon yo a, e te kòmande ke sila ki te kapab naje, vòltije nan lanmè a avan pou naje rive atè,


跟着我们:

广告


广告