Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 21:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Alò, nonm sa te gen kat fi vyèj ki te pwofetès.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Li te gen kat pitit fi vyèj ki t'ap pwofetize pawòl Bondye.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Filip te gen kat pitit fi vyèj ki te gen don pwofesi.

参见章节 复制




Travay 21:9
13 交叉引用  

Pou sa, Hilkija, prèt la, Achikam, Acbor, Schaphan e Asaja te ale kote Hulda, pwofetès la, madanm a Schallum nan, fis a Thikva a, fis a Harhas la, ki te an chaj vètman yo. (Alò, li te rete Jérusalem nan Katye Second lan). Yo te pale avèk li.


Sonje, O Bondye mwen, Tobija avèk Sanballat selon zèv pa yo, e anplis, pwofetès la, Noadia, ak lòt pwofèt ki te eseye fè m pè yo.


Marie, pwofetès ak sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l. Tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo. Yo t ap danse.


Alò, ou menm, fis a lòm, mete figi ou kont fi a pèp ou yo, k ap pwofetize apati pwòp enspirasyon yo. Se pou ou pwofetize kont yo,


Li va vin rive apre sa, ke Mwen va vide Lespri M sou tout chè. Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize, e granmoun nou yo va fè vizyon yo.


Anplis te gen yon pwofetès, Anne, fi a Phanuel, ki te nan tribi Aser. Li te avanse nan laj, e li te viv avèk mari li pandan sèt ane apre maryaj la,


Alò te gen nan Antioche, nan legliz ki te la a, pwofèt ak mèt yo; Barnabas ak Simon ki te rele Niger, ak Lucius de Cyrène, ak Manaen ki te grandi avèk Hérode, tetrak la (youn nan kat wa yo), ak Saul.


‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di: Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite. Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize, Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo, e granmoun nou yo va fè rèv.


Konsa, sila ki bay pwòp pitit fi li a nan maryaj ap fè byen, e sila ki pa bay li nan maryaj la ap fè mye.


“Men Mwen gen sa kont nou, ke nou tolere fanm Jézabel la, ki rele tèt li pwofetès, e ki ansenye pou fè egare sèvitè Mwen yo, pou yo kab komèt vye zak imoral e manje bagay sakrifye a zidòl.


Alò, Débora, yon pwofetès, madanm a Lappidoth, t ap jije Israël nan tan sila a.


跟着我们:

广告


广告