Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 21:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Nan jou apre a nou te sòti e te rive Césarée. Nou te antre lakay Philippe, evanjelis la, ki te youn nan sèt yo. Nou te rete avèk li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Nan denmen, nou pati ankò, nou rive lavil Sezare. Nou antre lakay Filip, evanjelis la, nou fè ladesant la. Se te yonn nan sèt mesye yo te chwazi Jerizalèm yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Nan demen, nou kite Tolemayis, n ale nan vil Sezare. Lè nou rive Sezare, n al lakay Filip epi nou fè ladesant lakay li. Filip se te yon evanjelis; anplis, li te youn nan sèt mesye yo te chwazi pou sèvi kòm dyak nan legliz Jerizalèm nan.

参见章节 复制




Travay 21:8
18 交叉引用  

Alò, te gen yon sèten nonm nan Césarée ke yo te rele Corneille, yon santenye nan kowòt Italyen an.


Lè li te wè vizyon an, imedyatman nou te chache ale Macédoine, byen konprann ke Bondye te rele nou pou preche levanjil la a yo menm.


Nan jou Saba a, nou te ale deyò pòtay la bò kote yon rivyè kote nou te sipoze ta genyen yon kote pou lapriyè. Nou te chita e te kòmanse pale ak fanm ki te vin rasanble la yo.


Li te vin rive ke pandan nou t ap ale nan plas lapriyè a, te gen yon sèten jenn fanm-esklav avèk yon Lespri divinasyon. Li te konn fè anpil kòb pou mèt li yo akoz ke li te konn pale moun davans sa ki t ap rive yo.


Lè l te rive Césarée, li te monte pou salye legliz la, e li te desann Antioche.


Men nou menm, nou te fè avan pou pran bato k ap rive Asòs, kote nou te fè plan pou Paul ta monte bato a. Se konsa li te aranje sa, akoz ke li menm t ap pase pa tè.


Nou te pran bato a vwal soti Philippes, apre jou a Pen San Ledven yo. Nou te vin jwenn yo Troas nan senk jou, e te rete la pandan sèt jou.


Anplis, Kèk nan disip Césarée yo te vini avèk nou, e te mennen nou kote Mnanson ki sòti Chypre, yon disip depi anpil tan avèk sila nou te vin rete.


Konsa, li te rele de nan santenye yo. Li te di yo: “Ale fè de-san sòlda prè pou twazyèm lè nwit lan, pou pati pou Césarée, avèk swasann-dis chevalye, ak de-san sòlda ak lans.”


Lè yo te deside ke nou ta pran vwal pou Italie, yo te pwosede livre Paul avèk kèk lòt prizonye bay yon santenye ki manm nan kowòt Auguste la, ki te nome Julius.


Nan fen twa mwa yo nou te pran vwal sou yon bato Alexandryen ki osi te pase sezon livè a nan lil la. Li te gen Frè Jimo yo kon òneman devan an kòm tèt bato a.


Lè nou te antre Rome, Paul te jwenn pèmisyon pou rete pou kont li, avèk sòlda ki t ap veye l la.


Pawòl sila a te fè plezi a tout asanble a, e yo te chwazi Étienne, yon nonm ranpli ak lafwa e ak Lespri Sen an, ak Philippe, Prochore, Nicanor, Timon, Parménas, epi Nicolas, yon konvèti nan relijyon a Jwif yo ki sòti Antioche.


Men lè tout frè yo te vin konprann sa, yo te mennen li desann Césarée, e te voye li ale Tarse.


Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè,


Men ou menm, rete tanpere nan tout bagay, sipòte difikilte yo, fè travay a yon evanjelis, akonpli ministè ou la.


跟着我们:

广告


广告