Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 21:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 Kòmandan an te parèt, e te kenbe li. Li te kòmande pou li mare avèk de chenn, e li te kòmanse mande l ki moun li te ye, ak kisa li fè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

33 Kòmandan an pwoche bò kote Pòl, li fè yo arete l, li bay lòd pou yo mare l ak de chenn. Lèfini, li mande ki moun li te ye, kisa l te fè.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

33 Lè sa a, kòmandan batayon an avanse sou Pòl, li arete l. Li bay lòd pou yo mare Pòl ak de chenn. Apre sa, li mande: “Ki lès nonm sa ye? Ki mal li fè?”

参见章节 复制




Travay 21:33
18 交叉引用  

Nan menm nwit lan lè Hérode te prèt pou mennen l devan l, Pierre t ap dòmi antre de sòlda. Li te byen anchene avèk de chenn, e jandam yo devan pòt la t ap veye prizon an.


sof ke Lespri Sen an temwaye solanèlman a mwen nan chak vil, pou di ke se kout kòd mare, avèk afliksyon k ap tann mwen.


Epi lè l te vini kote nou, li te pran sentiwon a Paul; li te mare pwòp pye l ak men l, e te di: “Men sa ke Lespri Sen an di: Se konsa ke Jwif nan Jérusalem yo va mare nonm ki mete sentiwon sila a e va livre li nan men pèp etranje yo.”


Konsa, sila ki t ap kesyone li yo, te lage L imedyatman; epi kòmandan an osi te pè lè li te vin konprann ke se te yon sitwayen Women ke li te ye, paske li te mete li nan chèn.


Men nan pwochen jou a, akoz ke li te anvi konnen poukisa Jwif yo te akize l la, li te demare li, e li te bay lòd pou wo prèt yo avèk konsèy la reyini. Konsa yo te mennen Paul devan yo, e te fè l chita devan yo.


“Mwen te reponn yo ke se pa koutim a Women yo pou livre okenn moun avan sila ki akize a wè akizatè li yo fasafas e vin gen chans pou fè defans li kont chaj yo.


Paul te reponn: “Mwen ta vle devan Bondye, ke menm si se ak piti, oswa ak gran, ke non sèlman ou menm, men tout sila ki koute mwen nan jou sa a, ta kapab vini menm jan ke mwen ye a, sof pou chèn sila yo.”


Pou rezon sa a, donk mwen te mande wè nou pou pale avèk nou, paske mwen ap pote chenn sa a pou lespwa Israël la.”


pou sila ke mwen se yon anbasadè anchene; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.


Paske li vrèman gen rezon ke m santi sa sou pati pa nou. Paske nou nan kè m akoz nou te patisipan depi lè m te nan prizon an, ni lè m t ap defann e konfime levanjil la nou te pataje gras la avè m.


Ke Senyè a bay mizerikòd a lakay Onésiphore, paske Li te souvan konsole m, e li pa t wont pou chenn mwen yo;


Pou li menm, mwen soufri difikilte, menm anprizone kòm yon kriminèl; men pawòl Bondye a pa anprizone.


Yo te di li: “Non, men nou va mare ou nèt e livre ou nan men yo; men anverite, nou p ap touye ou.” Yo te mare li avèk de kòd nèf e te mennen li monte soti nan wòch la.


Konsa, Delila te pran kòd nèf e li te mare li avèk yo e te di li: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Paske gason yo t ap tann nan chanm anndan an. Men li te pete kòd yo nan bra li tankou fisèl pou koud.


Alò, Filisten yo te sezi li. Yo te kreve rete zye li, epi yo te mennen li Gaza. Yo te mare l avèk chenn fèt an bwonz ki te konn vire moulen nan prizon an.


Epi prens Filisten yo te mennen ba li sèt kòd nèf ki potko sèch e li te mare li avèk yo.


跟着我们:

广告


广告