Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 21:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Alò Paul te pran mesye yo avè l nan jou swivan an. Li te pirifye li menm ansanm avèk yo. Yo te antre nan tanp lan e te bay avètisman ke yo t ap konplete jou pirifikasyon yo jiskaske sakrifis la te ofri pou yo chak.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Lè sa a, Pòl pran kat mesye yo, epi nan denmen li patisipe avèk yo nan sèvis pou mete yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. Apre sa, l'al nan tanp lan, li fè konnen ki jou sèvis la va fini, kilè pou yo ofri bèt pou yo touye pou yo chak la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Pòl te chwazi pran kat mesye yo avèk li vre. Nan demen, li te patisipe vre nan seremoni yo t ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye a. Apre sa, Pòl antre nan lakou Tanp lan pou l al anonse ki lè peryòd pirifikasyon an t ap fin i. Nan dènye jou a, yo t ap gen pou prezante yon of rann pou chak mesye yo.

参见章节 复制




Travay 21:26
6 交叉引用  

“‘Sila ki touche kadav a nenpòt moun, va pa pwòp pandan sèt jou.


Alò, Pak Jwif la te pwòch, epi anpil te kite andwa andeyò yo pou monte nan Jérusalem, pou yo ta kab vin pirifye.


Pran yo avèk ou, pirifye ou menm ansanm avèk yo, e peye depans pou yo kapab taye tèt yo. Konsa, tout moun va konnen ke pa gen anyen nan tout sa ke moun di de ou yo, men ke ou menm osi mache nan lòd, epi swiv Lalwa a.


Nan sa a, yo te twouve mwen okipe nan tanp lan, deja pirifye, san okenn foul, ni konfli. Men te gen sèten Jwif ki sòti an Asie—


Pou Jwif yo mwen te vin Jwif, pou mwen te kapab konvenk Jwif yo. Pou sila ki anba Lalwa yo, kòmsi m te anba Lalwa, malgre ke mwen menm pa t anba Lalwa, pou m te kapab konvenk sila ki anba Lalwa yo.


跟着我们:

广告


广告