Travay 21:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen24 Pran yo avèk ou, pirifye ou menm ansanm avèk yo, e peye depans pou yo kapab taye tèt yo. Konsa, tout moun va konnen ke pa gen anyen nan tout sa ke moun di de ou yo, men ke ou menm osi mache nan lòd, epi swiv Lalwa a. 参见章节1998 Haïtienne24 Ou pral avèk yo, w'a patisipe ansanm ak yo nan tout sèvis y'ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. W'a fè tout depans pou yo, pou yo kapab fè kale tèt yo. Konsa, tout moun va konnen tou sa yo t'ap di sou ou a pat vre. Okontrè, ou menm pou tèt pa ou, ou toujou ap obeyi Lalwa Moyiz la. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil24 Pran mesye sa yo avè w epi patisipe nan seremoni pirifikasyon y ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a. Pran responsabilite pou w peye depans pou yo koupe cheve yo. Sa ap fè tout moun wè sa yo te tande moun di sou ou yo se pa t verite a. Y a wè ou pratike lalwa Moyiz la nan pwòp lavi pa w tou. 参见章节 |