Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 21:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Lè yo te tande sa yo te kòmanse bay glwa a Bondye. Yo te di li: “Ou wè, frè, konbyen milye ki gen pami Jwif yo nan sila ki te kwè yo, e yo tout te ranpli ak zèl pou Lalwa a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Lè yo fin tande l, yo tout pran fè lwanj Bondye. Apre sa yo di Pòl: — Frè nou, ou wè tout kantite jwif ki kwè nan Jezi. Malgre sa, yo tout byen zele pou lalwa a toujou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Apre lidè yo fin tande Pòl, yo bay Bondye glwa. Apre sa, yo di Pòl konsa: “Frè nou, ou wè ki kantite Jwif ki vin kwè nan Kris la kòm sovè; epoutan, yo tout trè zele pou lalwa Moyiz la toujou.

参见章节 复制




Travay 21:20
28 交叉引用  

Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li. Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa! Kanpe byen sezi devan L, nou tout, desandan Israël yo.


Tout ekstremite tè a nèt va sonje. Yo va vire bò kote SENYÈ a. Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va adore devan Ou.


Lè foul la te wè sa, yo te etonnen, e yo te bay glwa a Bondye ki te bay otorite konsa a lèzòm.


Antre tan an, apre anpil milye moun te rasanble ansanm jiskaske youn t ap mache sou lòt, Li te kòmanse pale a disip Li yo dabò: “Veye ledven Farizyen yo ki se ipokrizi.


Men nou te dwe fè fèt, e rejwi, paske frè ou sa ate mouri, e li kòmanse ap viv ankò. Li te pèdi, e koulye a, li retwouve.’”


“Anverite, anverite, Mwen di nou, sof ke yon grenn ble tonbe nan tè epi mouri, li rete pou kont li, men si li mouri, l ap fè anpil fwi.


Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, repantans ki mennen a lavi a.”


Alò kèk mesye te desann sòti Judée e te kòmanse enstwi frè yo: “Amwenske nou vin sikonsi selon koutim Moïse la, nou pa kapab sove.”


“Akoz ke nou tande ke kèk nan nou ki pa t resevwa enstriksyon de nou menm, ap twouble nou avèk pawòl k ap boulvèse nanm nou,


Men kèk nan gwoup Farizyen ki te kwayan yo te kanpe e te di: “Li nesesè pou sikonsi yo, e pou fè yo swiv Lalwa Moïse la.”


Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil nanm.


“Mwen menm se yon Jwif, fèt a Tarse nan Cilicie, men leve nan vil sila a, edike anba Gamaliel, byen disipline selon lalwa zansèt nou yo, avèk anpil zèl pou Bondye, menm jan ke nou menm ye jodi a.


Konsa, lè yo te fin menase yo anplis, yo te lage yo, paske yo pa t kapab twouve baz pou pini yo, e akoz perèz a pèp la, paske yo tout t ap bay Bondye glwa pou sa ki te rive a.


Men anpil nan sila yo ki te tande mesaj la te kwè, e fòs kantite moun ki te kwè yo te vini toupre senk-mil.


Pawòl Bondye a te kontinye gaye, e kantite disip yo te kontinye ogmante anpil nan Jérusalem, e yon gran nonb pami prèt yo t ap vin obeyisan a lafwa a.


Paske mwen temwaye de yo ke yo gen yon zèl pou Bondye, men pa selon bon konprann yo.


Konsa, mwen t ap avanse nan relijyon Jwif la depase anpil nan moun Jwif parèy mwen yo akoz ke mwen te ekstrèmman zele pou tradisyon zansèt mwen yo.


Konsa, yo t ap bay Bondye glwa akoz de mwen menm.


Lè Li vini pou L kapab glorifye nan sen Li yo nan jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou a.


跟着我们:

广告


广告