Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 20:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 Lè l te fin di bagay sa yo, li te mete l a jenou, e te priye avèk yo tout.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

36 Lè li fin pale konsa, Pòl mete ajenou ansanm ak yo tout, epi li lapriyè.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

36 Lè Pòl fin di tout bagay sa yo, li met ajenou epi li menm ak lidè yo priye ansanm.

参见章节 复制




Travay 20:36
9 交叉引用  

Alò, Salomon te fè yon etaj an bwonz, senk koude nan longè, senk koude nan lajè ak twa koude nan wotè e li te plase li nan mitan gran lakou a. Epi li te kanpe sou li, li te mete li ajenou nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li vè syèl la.


Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou fè lapriyè, e bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te kon fè oparavan an.


Konsa, Li te kite yo pou rive vè distans ke yon moun kab voye yon wòch, e Li te mete L sou jenou pou priye.


Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”


Lè l rive ke jou nou yo pou rete la te fini, nou te pati fè wout nou, pandan yo menm avèk madanm ak timoun yo te akonpanye nou jiskaske nou te kite vil la. Apre nou te mete nou ajenou bòdmè a pou fè lapriyè, nou te di orevwa a youn lòt.


Konsa, li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.


Men Pierre te voye yo tout deyò, e te mete l sou jenou l pou l priye, e pandan l ap vire bò kote kò a, li te di: “Tabitha, leve.” Li te louvri zye li, e lè l te wè Pierre, li te chita.


Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris.


Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye.


跟着我们:

广告


广告