Travay 20:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen3 Li te pase twa mwa la, epi lè Jwif yo te fè yon konplo kont li, pandan li t ap pral pran bato a vwal pou Syrie a, li te fè desizyon pou retounen pa Macédoine. 参见章节1998 Haïtienne3 Rive la, li pase twa mwa. Li ta pral pran batiman pou peyi Siri lè li vin aprann jwif yo t'ap pare pèlen pou li. Se konsa, li deside tounen pase Masedwàn ankò. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil3 Apre l te fin pase twa mwa nan peyi Lagrès, Pòl te gentan pare pou l pran batiman pou l al nan peyi Siri. Men, lè l vin konnen te gen kèk Jwif ki t ap planifye yon konplo kont li, Pòl chanje plan an, li retounen pase pa Masedwàn. 参见章节 |