Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 20:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 pou sèvi Senyè a avèk tout imilite, ak dlo nan zye m, e avèk gwo traka ki te vini sou mwen akoz konplo a Jwif yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Mwen sèvi Senyè a san okenn pretansyon, avèk dlo nan je, nan mitan tout move pa mwen jwenn poutèt tout konplo jwif yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Jwif yo t ap fè konplo kont mwen, epi sa te mete m nan sitiyasyon difisil. Men nou konnen m te toujou ap sèvi Senyè a, menmsi gen kèk fwa se ak dlo nan je. M te toujou fè tout sa avèk anpil imilite.

参见章节 复制




Travay 20:19
37 交叉引用  

Se rivyè dlo menm ki koule sòti nan zye m, akoz yo menm ki pa kenbe lalwa Ou a. TZADHE


Men si ou pa koute sa a, nanm mwen va kriye an sekrè pou kalite ògèy sa a. Wi, zye m va kriye anmè e koule anpil dlo, akoz bann mouton SENYÈ a fin kaptif nèt.


O ke tèt mwen te dlo, e ke zye m yo te yon fontèn dlo, pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit pou lanmò a fi a pèp mwen an!


Lè l te pwoche Jérusalem Li te wè vil la e Li te komanse kriye sou li.


“Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, fòk li swiv Mwen. E kote Mwen ye, la sèvitè Mwen va ye tou. Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, Papa a va onore li.


Men lè Jwif Thessalonique yo te vin konprann ke pawòl Bondye a te pwoklame pa Paul nan Bérée, yo te vini la osi pou yo ajite ak chofe foul la.


Men Jwif yo te vin jalou, e te mennen kèk mesye mechan sòti nan mache a. Yo te fòme yon ekip ajitatè, e te mete tout vil la nan yon tapaj. Lè yo te rive lakay Jason, yo t ap chache mennen yo deyò bay pèp la.


Li te pase twa mwa la, epi lè Jwif yo te fè yon konplo kont li, pandan li t ap pral pran bato a vwal pou Syrie a, li te fè desizyon pou retounen pa Macédoine.


Konsa, rete vijilan. Byen sonje ke pou yon dire a twa zan, lannwit kon lajounen mwen pa t sispann egzòte nou avèk dlo nan zye m.


Lè sèt jou yo te prèske fini Jwif Asie yo, lè yo te wè l nan tanp lan, te kòmanse soulve foul la pou mete men sou li.


Paske nan menm nwit sa a, yon zanj a Bondye a Sila ke m apatyen, e Sila ke m sèvi, te kanpe devan mwen.


Paul, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, aple kòm apot mete apa pou bòn nouvèl Bondye a,


Paske Bondye ke mwen sèvi nan lespri mwen lè m preche levanjil Fis Li a, se temwen m ke m ap nonmen non nou san rete nan lapriyè mwen yo.


Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a,


Paske se te nan anpil afliksyon ak soufrans nan kè mwen, ke m te ekri nou avèk anpil dlo nan zye; pa pou m ta fè nou tris, men pou nou ta kapab konnen lanmou pwofon ke mwen gen pou nou an.


Se pa ke nou ase fò nan nou menm pou konsidere ke tout bagay kapab sòti nan nou menm, men fòs nou an soti nan Bondye.


Paske menm lè nou te vini Macédoine, chè nou pa t gen okenn repo, men nou te aflije toupatou: konfli deyò, laperèz anndan.


Alò, èske koulye a mwen ap chache favè lòm, oubyen Bondye? Oubyen èske m ap fòse fè lòm plezi? Si mwen t ap toujou eseye fè lòm plezi, mwen pa t ap yon sèvitè a Kris la.


Avèk bòn volonte, rann sèvis tankou a Senyè a, e pa a lòm


Paske anpil moun mache, de sila mwen te souvan di nou yo, e koulye a mwen di nou ankò menm avèk dlo nan zye m, ke yo se lènmi lakwa a Kris la,


Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.


Paske yo menm bay rapò de nou; sou jan ou te resevwa nou, ak jan nou te vire vè Bondye pou kite zidòl yo, pou sèvi yon Bondye vivan e vrè,


avèk lanvi pou m wè ou menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.


Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo


Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv,


Simon Pierre, yon sèvitè-atache nèt, e apòt a Jésus Kri, a sila ki te resevwa yon lafwa menm jan ak nou yo, pa ladwati Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri:


Pou rezon sa a, yo devan twòn Bondye a; epi yo sèvi Li lajounen kon lannwit nan tanp li an. “Epi Sila ki chita nan twòn nan va ouvri tabènak li sou yo.


跟着我们:

广告


广告