Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 2:37 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

37 Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

37 Lè pèp la tande pawòl sa yo, yo santi kè yo boulvèse. Yo mande Pyè ansanm ak lòt apòt yo: — Frè nou yo, kisa pou nou fè?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

37 Lè foul la fin tande sa Pyè te di a, kè yo te fè yo mal anpil. Yo te regrèt sa. Lè sa a, yo di Pyè ak lòt apot yo konsa: “Frè nou yo, kisa pou nou fè?”

参见章节 复制




Travay 2:37
20 交叉引用  

Lè kè m te vin anmè, e kè m te pike anndan m,


Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.


Gadyen an reponn: “Maten an vin pwoche; men osi anplis, nwit lan. Si ou ta vle fè ankèt, fè ankèt. Retounen ankò.”


Menm lè sila ki chape yo rive deyò, yo va sou mòn yo tankou toutrèl nan vale yo, yo tout ap kriye, yo chak nan pwòp inikite yo.


Epi Mwen va vide sou kay David la, ak sou moun Jérusalem yo, Lespri a gras, ak Lespri lapriyè pou mande mizerikòd. Konsa, yo va gade vè Mwen menm Sila ke yo te pèse a. Yo va soufri gwo doulè pou Li, tankou yon moun k ap fè dèy pou yon sèl fis li genyen, e yo va kriye anpil anpil sou Li jan yon moun ta kriye sou sèl fis inik li.


Foul la ki t ap kesyone li, t ap di: “Alò, kisa pou nou ta fè?”


Anplis, ajan kolektè kontribisyon yo te vini pou batize. Yo t ap mande l: “Mèt, kisa nou dwe fè?”


Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”? Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.”


Lè yo tande sa, yo te kòmanse kite kote a youn pa youn. Sa te kòmanse avèk pi granmoun pami yo. Konsa, yo te kite Li la pou kont Li avèk fanm nan ki te rete menm kote li te ye a nan mitan lakou a.


“Frè m yo, Ekriti a te oblije vin akonpli, jan Lespri Sen an te anonse oparavan pa bouch David konsènan Judas ki te vin yon gid a sila ki te arete Jésus yo.


“Epi mwen te di: “Kisa pou m ta fè, Senyè?” “Senyè a te reponn mwen: ‘Leve, ale antre Damas. La ou va vin tande tout sa ki nome pou ou ta fè.’


Lè yo te tande sa, yo te byen blese, e te fè plan pou touye yo.


Alò, lè yo te tande sa, yo te blese byen fon, e t ap manje dan yo sou li.


Yon fwa, mwen te vivan separe de Lalwa a, men lè kòmandman an te vini, peche te pran lavi, e mwen te mouri.


跟着我们:

广告


广告