Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 2:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 “Donk, kite tout lakay Israël la konnen san dout ke Bondye fè Li ni Senyè, ni Kris la —Jésus sila a ke nou te krisifye a.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

36 — Tout pèp Izrayèl la fèt pou konnen sa byen: Jezi, nonm nou te kloure sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè, se li menm Bondye fè Kris la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

36 Nou tout nan pèp Izrayèl la, nou bezwen konnen sa byen. Jezi sa a nou te klouwe sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè a, se li menm Bondye fè Kris la.”

参见章节 复制




Travay 2:36
25 交叉引用  

Tande pawòl SENYÈ a, O lakay Jacob ak tout fanmi lakay Israël yo.


“Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk lakay Israël, e avèk lakay Juda,


“Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè Mwen va akonpli bon pawòl la Mwen te pale konsènan lakay Israël la ak lakay Juda a.


Égypte ak Juda, Édom ak fis a Ammon yo e Moab ak tout sila k ap viv nan dezè yo, k ap taye cheve sou de bò tanp yo; paske tout nasyon yo ensikonsi e tout lakay Israël se ensikonsi nan kè.”


Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, Bondye pa yo avèk yo e ke yo menm, lakay Israël la, se pèp Mwen, deklare Senyè BONDYE a.


“Akoz sa, pale ak lakay Israël: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se pa pou koz nou, O lakay Israël, ke Mwen prèt pou aji a, men pou non sen Mwen an, ke ou te pwofane pami nasyon kote nou te ale yo.


Se pa pou koz nou ke m ap fè sa,” deklare Senyè BONDYE a: “Ke nou byen konprann sa a. Rete wont e twouble akoz chemen nou yo, O lakay Israël!”


“‘“Ou va bay vil la yon pòsyon senk-mil koude nan lajè, ak venn-senk-mil koude nan longè, k ap akote pòsyon sen an. Sa va pou tout kay Israël la nèt.”


“Nan jou sa a, va gen yon fontèn dlo ki va ouvri pou lakay David, e pou sila ki rete Jérusalem yo, pou peche ak salte.


Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon Sovè, ki se Kris la, Senyè a.


Jiskaske M fè lènmi ou yo vin yon ti ban pou mete pye ou.’


Li te di yo konsa: “Èske nou pa t bay nou yon lòd byen klè pou nou pa kontinye enstwi nan non sila a? E malgre sa a, nou fin ranpli tout Jérusalem avèk enstriksyon nou yo, e nou gen entansyon voye san mesye sa a sou nou”.


Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.


跟着我们:

广告


广告