Travay 2:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen17 ‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di: Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite. Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize, Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo, e granmoun nou yo va fè rèv. 参见章节1998 Haïtienne17 Men sa k pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil17 Bondye di: Nan dènye tan yo, men sa k pral rive: M ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo pral pwofetize. Jenn gason nou yo va fè vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv. 参见章节 |
Epi Mwen va vide sou kay David la, ak sou moun Jérusalem yo, Lespri a gras, ak Lespri lapriyè pou mande mizerikòd. Konsa, yo va gade vè Mwen menm Sila ke yo te pèse a. Yo va soufri gwo doulè pou Li, tankou yon moun k ap fè dèy pou yon sèl fis li genyen, e yo va kriye anpil anpil sou Li jan yon moun ta kriye sou sèl fis inik li.