Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 19:38 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

38 Donk alò, si Démétris ak ouvriye ki avè l yo gen yon plent kont nenpòt moun, tribinal yo louvri, e pwokonsil yo disponib; kite yo pote plent kont youn lòt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

38 Si Demetriyis ak ouvriye l yo gen yon kont yo vle regle ak yon moun, gen jou pou tribinal la travay, epi gen chèf pou sa tou: se la pou y'al pote plent.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

38 Bò isit la, nou gen tribinal epi nou gen jij ki pou fè jijman. Si Demetryis ak ekip ouvriye l yo gen yon bagay kont yon moun, se pou yo pote plent nan tribinal.

参见章节 复制




Travay 19:38
8 交叉引用  

Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de doktrin Senyè a.


ki te avèk pwokonsil la, Sergius Paulus, yon nonm byen entèlijan. Mesye sa te rele Barnabas avèk Saul pou vini pou l ta kapab tande pawòl Bondye a.


Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont lafwa a.


Men lè Paul te prèt pou louvri bouch li, Gallion te di a Jwif yo: “Si se te yon ka a yon enjistis, oswa yon krim visye, O Jwif yo, li ta rezonab pou m ta bay nou soutyen.


Paske te gen yon sèten nonm ki te rele Démétris, yon òfèv ki te konn fè imaj an ajan pou tanp Artimis la, e afè kòb ke li t ap ranmase pa t yon ti kras bagay pou moun ak metye sila a.


“Men si nou vle yon bagay anplis ke sa, sa gen pou regle nan asanble jistis la.


Èske gen nan nou ke lè l gen yon ka kont vwazen li, li tante ale devan lalwa, devan moun enjis yo olye devan sen yo?


“Si yon ka twò difisil pou nou deside, pa egzanp, a nivo touye moun, oswa yon lòt nivo, oswa yon kalite pwosè ak yon lòt, oswa antre blese moun ak yon lòt; alò, nou va mennen yo kote SENYÈ Bondye nou an, chwazi a.


跟着我们:

广告


广告