Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 19:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Vil la te ranpli avèk boulvèsman sa a. Yo te kouri avèk yon sèl panse antre nan teyat la, e te trennen Gaïus ak Aristarque, vwayajè parèy ak Paul ki sòti Macédoine yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

29 Dezòd la gaye nan tout lavil la. Moun yo pase men yo, yo pran Gayis ak Aristak, de moun Masedwàn ki te ansanm ak Pòl nan vwayaj la, foul la kouri, y'ale nan Estad la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

29 Dezòd la te gaye nan tout vil la nèt. Apre yo fin mete men sou Gayis ansanm ak Aristak, ki se moun peyi Masedwàn ki te akonpanye Pòl nan vwayaj la.

参见章节 复制




Travay 19:29
19 交叉引用  

Lè yo te rive Salamine, yo te kòmanse pwoklame pawòl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Anplis Jean te la pou ede yo.


Nou te kite la pou Philippes, yon vil prensipal nan distri Macédoine nan, yon koloni Women.Nou te rete nan vil sa pandan kèk jou.


Konsa, yon vizyon te parèt a Paul nan nwit lan. Yon sèten mesye Macédoine te kanpe e t ap di l: “Vin Macédoine pou ede nou.”


Foul la ak chèf yo te byen twouble lè yo tande bagay sa yo.


Alò apre bagay sa yo te fini, Paul te pwopoze nan Lespri a, pou lè l te fin travèse Macédoine ak Achaïe, pou ale Jérusalem. Li te di: “Apre mwen fin rive la mwen dwe wè Rome tou.”


Li te rete an Asie pandan yon tan, men te voye Timothée ak Érastre, de moun ki te konn sèvi li yo, pou yo antre Macédoine.


Alò konsa, kèk nan yo t ap rele yon bagay, e kèk yon lòt, paske tout asanble a te nan konfizyon. Pifò pa t menm konnen pou ki rezon yo te vin reyini ansanm nan.


Nou menm nou konnen ke men sa yo te sèvi a pwòp bezwen m yo ak mesye ki te avè m yo.


Li te akonpanye pa Sopater de Bérée, fis a Pyrrhus la, anplis Aristarque ak Second, de Théssalonique, ak Gaius de Derbe ak Timothée ak Tychique ak Trophime ki sòti an Asie.


Alò tout vil la te leve, e pèp la te kouri ansanm pou te kenbe Paul. Yo te rale l deyò tanp lan, epi nan menm moman an, pòt yo te vin fèmen.


Alò se pa ou menm Ejipsyen an ki kèk tan pase te soulve yon revòlt, e te mennen kat mil òm asasen pou rive nan dezè a?”


Nou te anbake nan yon bato Adramityen ki te prèt pou pran vwal pou rejyon akote kot Asie. Nou te monte nan lanmè a, akonpanye pa Aristarque, yon Masedonyen ki soti Théssalonique.


Gaïus ki te ban m kote pou m rete ak tout legliz la, salye nou. Éraste, trezorye vil la salye nou ak Quartus osi, frè a.


Mwen remèsye Bondye ke m pa t batize okenn nan nou sof ke Crispus ak Gaïus,


Paske mwen panse ke Bondye te fè nou menm kòm apot pi ba ke tout; tankou moun ki kondane a lanmò, paske nou te gen tan vin yon spektak pou mond lan, ni pou zanj yo, ni pou moun.


Epi se pa sèlman sa, men li te osi chwazi pa legliz yo pou vwayaje avèk nou nan zèv lagras sila ke n ap administre pou glwa a Senyè a Li menm, e pou montre bòn volonte nou.


Aristarque, prizonye parèy a mwen an, voye salitasyon bannou; ak Marc, kouzen a Barnabas la, (se sou li, nou te resevwa enstriksyon yo; si li vin kote nou, resevwa l byen).


tankou Marc, Aristarque, Démas Luc, ouvriye parèy a mwen yo.


Lansyen an k ap ekri a byeneme a, Gaïus, ke mwen renmen an verite.


跟着我们:

广告


广告