Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 19:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Se pa sèlman yon gwo danje ke metye sa va tonbe nan malgade, men osi ke tanp gwo deyès la, Artimis va vin san valè, e ke li menm ke tout Asie a ak lemonn adore, va menm rache sou twòn li, e pèdi mayifisans li.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Talè konsa, metye nou an pral pote move non. Men sa ki pi rèd la ankò, kay deyès Atemis lan pral pèdi repitasyon li. Lè sa a menm, gwo bondye moun ap adore nan tout pwovens Lazi ak toupatou sou latè a pral pase pou anyen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Sa riske kraze repitasyon nou tout ki se òfèv, epi sa riske fè tanp Atemis la pèdi repitasyon l tou nan je pèp la. Menm Atemis, deyès tout moun nan Lazi ak tout moun ap adore a, ka rive pèdi repitasyon l tou.”

参见章节 复制




Travay 19:27
11 交叉引用  

Men rès la, li sèvi pou fòme yon dye, imaj taye pa li. Li tonbe ba devan l pou adore l; anplis, li priye a li menm e di: “Delivre m, paske se ou ki dye mwen.”


SENYÈ a va vin tèrib pou yo, paske Li va fè tout dye teritwa yo mouri ak grangou. Konsa, tout moun, depi nan nasyon yo va adore Li, yo chak nan pwòp plas yo.


“Men malè a nou menm Skrib yo avèk Farizyen yo! Ipokrit nou ye! Paske nou devore kay vèv yo menm lè nou pretann n ap fè lapriyè long; pou sa, nou ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.


“Epi bòn nouvèl a wayòm sila a va preche nan tout lemonn kon yon temwayaj a tout nasyon yo, e apre sa a, lafen an va rive.


Sa te fèt pandan dezan, pou tout sila ki te rete an Asie yo ta tande pawòl Senyè a, ni Grèk, ni Jwif.


Alò apre bagay sa yo te fini, Paul te pwopoze nan Lespri a, pou lè l te fin travèse Macédoine ak Achaïe, pou ale Jérusalem. Li te di: “Apre mwen fin rive la mwen dwe wè Rome tou.”


diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.


Nou konnen ke nou menm se a Bondye, epi tout lemonn an rete nan pwisans a mechan an.


Mwen te wè youn nan tèt li yo kòmsi li te fin touye, e blese fatal li a te fin geri. Tout latè te etone, e yo te swiv bèt la.


Tout moun ki viv sou tè a va adore l, tout moun ke non yo pa ekri depi nan fondasyon mond lan, nan liv lavi a Jèn Mouton ki te touye a.


Answit, yon lòt zanj, yon twazyèm, te swiv yo e t ap di avèk yon vwa ki fò: “Si yon moun adore bèt la avèk limaj li a, e resevwa yon mak sou fon li oubyen sou men l,


跟着我们:

广告


广告