Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 19:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Li te vin rasanble moun sa yo, avèk tout ouvriye ki te gen metye parèy a sa a, e te di: “Mesye yo, nou konnen ke lavi nou depann de biznis sila a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Yon jou, li sanble tout ouvriye l yo ansanm ak tout lòt moun ki te konn fè menm travay sa a tou. Li di yo: — Mesye, nou konnen se travay sa a ki fè nou viv.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Demetriyis rasanble tout bòs ki te avè l yo ansanm ak tout lòt moun ki te gen menm metye òfèv la tou, li di yo: “Mesye, nou konnen se travay sa n ap fè a ki fè nou fè lajan, pa vre?

参见章节 复制




Travay 19:25
8 交叉引用  

Yo manje sou peche a pèp Mwen an, e yo dirije volonte yo vè inikite yo.


Men lè mèt li yo te wè ke tout espwa yo pou fè kòb te disparèt, yo te sezi Paul ak Silas. Yo te trennen yo nan mache a devan otorite yo.


Paske te gen yon sèten nonm ki te rele Démétris, yon òfèv ki te konn fè imaj an ajan pou tanp Artimis la, e afè kòb ke li t ap ranmase pa t yon ti kras bagay pou moun ak metye sila a.


Nou wè ak tande ke non sèlman an Éphèse, men nan prèske tout Asie a, Paul sila a gen tan fè kwè e detounen yon kantite konsiderab nan pèp la. L ap di ke dye ki fèt pa men yo se pa dye yo ye menm.


Epi nan vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi.


Paske tout nasyon yo te bwè diven a pasyon imoralite li a, wa latè yo te komèt zak imoralite avè l, e machann latè yo te vin rich avèk richès sansyalite li yo.”


跟着我们:

广告


广告