Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 19:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Paske te gen yon sèten nonm ki te rele Démétris, yon òfèv ki te konn fè imaj an ajan pou tanp Artimis la, e afè kòb ke li t ap ranmase pa t yon ti kras bagay pou moun ak metye sila a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Te gen Demetriyis, yon bòs òfèv, ki te konn fè ak lajan ti eskilti tanp deyès Atemis. Travay sa a te konn rapòte ouvriye yo bon ti kòb.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Yon òfèv yo te rele Demetriyis te konn fè ti tanp an lajan sou menm modèl tanp yo te bati pou deyès yo te rele Atemis la. Demetriyis, ansanm ak bòs ki te konn travay ak li yo, yo te konn fè anpil lajan nan travay sa a.

参见章节 复制




Travay 19:24
8 交叉引用  

Li te vin rive ke pandan nou t ap ale nan plas lapriyè a, te gen yon sèten jenn fanm-esklav avèk yon Lespri divinasyon. Li te konn fè anpil kòb pou mèt li yo akoz ke li te konn pale moun davans sa ki t ap rive yo.


Men lè mèt li yo te wè ke tout espwa yo pou fè kòb te disparèt, yo te sezi Paul ak Silas. Yo te trennen yo nan mache a devan otorite yo.


Li te vin rasanble moun sa yo, avèk tout ouvriye ki te gen metye parèy a sa a, e te di: “Mesye yo, nou konnen ke lavi nou depann de biznis sila a.


Donk alò, si Démétris ak ouvriye ki avè l yo gen yon plent kont nenpòt moun, tribinal yo louvri, e pwokonsil yo disponib; kite yo pote plent kont youn lòt.


跟着我们:

广告


广告