Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 19:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Anpil osi, nan sila ki te kwè yo, yo te kontinye vini pou konfese e devwale tout sa ke yo te konn pratike yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Anpil nan moun ki te kwè yo vini, yo kanpe devan tout moun, yo t'ap avwe tou sa yo te fè, yo t'ap rekonèt sa an piblik.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Anpil nan moun ki te kwè yo te kòmanse konfese move bagay yo te konn fè.

参见章节 复制




Travay 19:18
14 交叉引用  

Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou, e inikite mwen, mwen pa t ankò kache. Mwen te di: “Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”, epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.


Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè; men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.


Sèlman rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’” deklare SENYÈ a.


pou ou ka sonje, vin wont, e pa janm ouvri bouch ou ankò akoz imilyasyon ou, pou lè M te padone ou pou tout sa ou te fè yo,” Senyè, BONDYE a deklare.’”


“‘“Nan lè sa a, nou va sonje chemen mechan nou yo, zak nou ki pa t bon yo, e nou va rayi tèt nou nan pwòp zye nou, akoz inikite ak abominasyon nou yo.


Alò, Aaron va poze de men li sou tèt kabrit vivan an, e li va konfese sou li tout inikite a fis Israël yo, tout transgresyon pa yo selon tout peche yo. Li va poze yo sou tèt kabrit la e li va voye li nan dezè a pa men yon moun ki prepare pou sa.


“Si yo konfese inikite pa yo, ak inikite zansèt yo, nan enfidelite ke yo te komèt kont Mwen yo, ak jan yo aji avèk ostilite kont Mwen an—


Yo t ap batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo.


Bagay sa te vin konnen pa tout moun, ni Jwif, ni Grèk ki te rete Éphèse. Lakrent te vin tonbe sou yo tout, e non Jésus Kri a t ap vin pi gran.


Anpil nan sila ki te konn pratike maji yo te vin pote liv yo, e te kòmanse boule yo devan zye a tout moun. Yo te kontwole pri a yo e te twouve l kòm senkant mil pyès dajan.


Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove.


Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri. Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay.


Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.


跟着我们:

广告


广告