Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 19:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Bagay sa te vin konnen pa tout moun, ni Jwif, ni Grèk ki te rete Éphèse. Lakrent te vin tonbe sou yo tout, e non Jésus Kri a t ap vin pi gran.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Tout moun lavil Efèz, jwif kou moun lòt nasyon yo, te rive konn bagay sa a. Yo tout te pè, men yo te vin gen gwo respè pou non Senyè Jezi a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Tout moun Efèz te vin konn koze a, Jwif tankou Grèk. Sa te fè yo vin gen lakrent epi yo te fè lwanj pou Senyè Jezi.

参见章节 复制




Travay 19:17
22 交叉引用  

Konsa, David te pè SENYÈ a nan jou sa a. Li te di: “Kijan lach SENYÈ a kapab rive kote mwen?”


Nan moman sa a, tout moun va krent. Konsa, yo va deklare zèv Bondye yo. Ak sajès yo va konsidere sa Li te fè a.


Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di: ‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwoch Mwen yo, e devan tout pèp la Mwen va onore.’” Konsa, Aaron te gade silans.


Lakrent te vin tonbe sou tout sila yo ki te rete nan landwa sila a; epi tout bagay sa yo te pale nan tout peyi kolin a Juda yo.


Lakrent te sezi yo tout, yo t ap bay glwa a Bondye, e te di: “Yon gran pwofèt gen tan leve pami nou!” E “Bondye vizite pèp Li a”!


Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de doktrin Senyè a.


Yo te rive Éphèse, e li te kite yo la. Alò, li menm te antre nan sinagòg la pou te rezone avèk Jwif yo.


men li te kite yo e t ap di: “Mwen va retounen kote nou ankò si Bondye vle”. E li te pran bato a vwal pou soti Éphèse.


Li te rive pandan ke Apollos te Corinthe, Paul te travèse peyi pi wo a e te vini Éphèse pou twouve kèk disip.


Mesye ki te gen move Lespri a te vòltije sou yo tout e te tèlman domine yo, ke yo te kouri kite kay la toutouni, e blese.


Anpil osi, nan sila ki te kwè yo, yo te kontinye vini pou konfese e devwale tout sa ke yo te konn pratike yo.


Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.


Yon gwo laperèz te vin tonbe sou tout legliz la, e sou tout sila ki te tande bagay sa yo.


Pou lòt yo, pa t gen pèsòn ki te gen kouraj pou vin jwenn avèk yo, men pèp la te bay yo lwanj.


Ananias, lè l te tande bagay sa yo, te tonbe atè e te respire dènye souf li. Yon gwo laperèz te vini sou tout sila ki te tande bagay sa yo.


Selon sensè volonte ak esperans mwen, pou m pa vin wont nan anyen, men ke avèk tout kouraj, Kris va menm koulye a, kòm toujou egzalte nan kò m kit se nan lavi kit se nan lanmò.


pou non a Senyè Jésus nou an kapab vin glorifye nan nou, e nou nan Li, pa lagras Bondye nou an ak Senyè a, Jésus Kri.


Finalman, frè m yo priye pou nou pou pawòl a Senyè a kapab gaye vit e vin glorifye, jis jan sa te fèt osi avèk nou an,


Mesye Beth-Schémech yo te di: “Se kilès ki kab kanpe devan SENYÈ Bondye sen sila a? Epi a kilès pou Li ta monte kite nou?”


跟着我们:

广告


广告