Travay 19:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen13 Men osi kèk nan Jwif ki te konn chase move lespri yo, ki te ale soti yon kote a yon lòt, te eseye rele non Jésus sou sila ki te gen move lespri yo, e t ap di: “Mwen bay ou lòd pa Jésus ke Paul preche a.” 参见章节1998 Haïtienne13 Te gen kèk jwif ki t'ap mache toupatou ap chase move lespri sou moun malad. Yo menm tou, yo t'ap seye chase move lespri yo nan non Jezi. Se konsa yo te konn di move lespri yo: — Pa pouvwa Jezi Pòl ap fè konnen an, mwen ba ou lòd sòti. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil13 Te gen yon ekip Jwif ki t ap vwayaje nan zòn nan, epi yo t ap chase move lespri sou moun nan non Senyè Jezi. Yo t ap di: “Nan non Jezikris Pòl ap preche a, mwen kòmande w pou w soti!” 参见章节 |