Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 18:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Mesye sa te enstwi nan chemen Bondye a. E avèk fevè Lespri a, li t ap pale e t ap enstwi byen klè tout bagay konsènan Jésus, men te konnen sèlman batèm a Jean an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Yo te moutre l chemen Bondye a. Depi lè sa a, li te cho pou l te anonse pawòl la. San dezanpare li t'ap moutre moun yo tou sa li te konnen sou Jezi yon jan ki konfòm ak verite a. Men, se batèm Jan an ase li te konnen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Se yon moun ki te byen fòme nan chemen Bondye a epi l te toujou chofe pou pale moun de Jezi. Sa l t ap anseye konsènan Kris la pa t gen okenn fay, malgre se batèm Janbatis la sèlman l te konnen.

参见章节 复制




Travay 18:25
27 交叉引用  

Paske Mwen te chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.”


A la beni se sila ak chemen ki san fot yo, ki mache nan lalwa SENYÈ a.


Ke chemen Ou kapab byen koni sou tè a, ak sali Ou pami tout nasyon yo.


Yon vwa k ap rele fò, “Debleye chemen an pou SENYÈ a nan dezè a! Fè vin swa nan dezè a yon gran chemen pou Bondye nou an.


Konsa pale SENYÈ a: “Kanpe akote chemen yo e gade. Mande pou ansyen wout yo, ‘Kote bon chemen an ye?’ Mache ladann l. Konsa, nou va jwenn repo pou nanm nou.” Men yo te di: ‘Nou p ap mache ladann’.


Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo; Sila ki pridan an, kite li konnen yo. Paske, chemen a SENYÈ yo dwat, e moun ladwati a va mache ladan yo; men transgresè yo va glise tonbe nan yo.


Se vwa a youn k ap kriye nan dezè a, ‘Prepare chemen SENYÈ a; fè wout li dwat.’”


Yo te vini, e te mande L: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite a, e Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite: Èske li pèmi pou peye taks a César; wi, oubyen non?


Konsa, ou ta kapab konnen verite egzakt la, selon bagay ke ou te enstwi yo.


Lè tout pèp la avèk kolektè kontribisyon yo te tande sa, yo te rekonèt jistis Bondye; akoz yo te batize avèk batèm Jean an.


Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a?


Li te swiv Paul avèk nou menm, e li t ap kriye fò san sès, e t ap di: “Mesye sa yo se sèvitè yo a Bondye Trè Wo a, k ap pwoklame a nou menm, youn chemen sali a.”


Li te kòmanse pale avèk gwo kouraj nan sinagòg la. Men lè Priscille ak Aquilas te tande l, yo te rale l akote pou te eksplike li chemen Bondye a pi klè.


Anviwon lè sa a, te vin pase yon gwo tapaj konsènan Chemen an.


Li te di: “Ebyen, nan kisa konsa nou te batize?” Yo te reponn: “Nan batèm a Jean an”.


Men lè kèk t ap vin ensansib e dezobeyisan, e t ap pale mal de Chemen an devan foul la, li te kite yo e te separe disip yo. Konsa, yo t ap rezone chak jou nan lekòl Tyrannus la.


Li te mande li bay li lèt a sinagòg Damas yo pou si li te twouve nenpòt moun ki nan Chemen an, fanm kou gason, li ta kapab mennen yo mare a Jérusalem.


Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a,


Nanpwen sòlda an sèvis ki mele tèt li nan zafè lavi kotidyèn, pou li kapab fè plezi a sila ki te enskri li kòm sòlda a.


Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri. Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay.


pou pase Israël a leprèv pa yo menm, pou wè si yo va kenbe chemen a SENYÈ a pou mache ladann jan zansèt pa yo te fè a oswa non.”


Anplis, pou mwen menm, lwen de mwen ke m ta peche kont SENYÈ a e sispann fè lapriyè pou nou; men mwen va enstwi nou nan chemen ki bon e ki dwat la.


跟着我们:

广告


广告