Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 18:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Alò, yon sèten Jwif ki te rele Apollos, ki te ne nan Alexandrie, yon nonm ki te konn pale byen, e ki te fò nan Ekriti Sen yo te vini Éphèse.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Yon jwif yo te rele Apolòs rive lavil Efèz. Se te moun lavil Aleksandri. Nonm sa a te konn pale byen, li te konn tou sa ki te ekri nan Liv yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Te gen yon Jwif ki te rele Apolòs ki te rive nan Efèz. Apolòs sa a te fèt nan vil Aleksandri. Se te yon gwo oratè ki te aprann pale byen epi li te konn Bib li byen tou.

参见章节 复制




Travay 18:24
22 交叉引用  

“Artaxerxès, wadèwa yo, a Esdras, prèt la, skrib lalwa Bondye Syèl la, lapè pafè. Depi koulye a,


Esdras sila a te monte soti Babylone e li te yon skrib avèk anpil konesans nan lalwa Moïse la, ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay la. Epi wa a te bay li tout sa ke li te mande akoz men SENYÈ a, Bondye li a, te sou li.


Moïse te di a SENYÈ a: “Souple, SENYÈ, mwen pa t janm yon moun ki fò nan pale, ni nan tan sa a, ni nan tan pase, ni depi Ou te pale a Sèvitè ou a, paske mwen lan nan pale, e mwen lan nan langaj.”


Kapitèn dè senkant yo, nonm ki resevwa onè a, konseye a, atizan an, ak sila ki fò nan fè wanga a.


Epi Jésus te di yo: “Konsa, chak skrib ki vini yon disip a wayòm nan se tankou yon mèt kay ki fè vin parèt nan trezò li sa ki nèf ak sa ki vye.”


Li te di yo: “Ki bagay”? Epi yo te di Li: “Bagay sou Jésus de Nazareth la, ki te yon pwofèt byen fò nan zèv, ak pawòl nan zye Bondye avèk tout pèp la.


Yo te rive Éphèse, e li te kite yo la. Alò, li menm te antre nan sinagòg la pou te rezone avèk Jwif yo.


men li te kite yo e t ap di: “Mwen va retounen kote nou ankò si Bondye vle”. E li te pran bato a vwal pou soti Éphèse.


Paske avèk pouvwa li te demanti Jwif yo an piblik, e li te montre atravè Ekriti Sen yo ke Jésus se te Kris la.


Li te rive pandan ke Apollos te Corinthe, Paul te travèse peyi pi wo a e te vini Éphèse pou twouve kèk disip.


La santenye a te twouve yon bato Alexandryen ki t ap pran vwal pou Italie, e li te fè nou anbake.


Men kèk moun ki te sòti nan sa ke yo te rele Sinagòg Dèzòm Lib, ki te gen moun Sireneyen ak moun Alexandryen yo, e kèk moun Cilicie ak Asie, te leve pou diskite avèk Étienne.


Moïse te enstwi nan tout konesans Ejipsyen an, e li te vin yon nonm byen fò nan pawòl ak nan zak.


Alò, men kisa m ap di. Nou chak ap di: “Mwen se moun Paul”, “Mwen se moun Apollos”, “Mwen se moun Céphas”, e “Mwen se moun Kris la”.


Men konsènan Apollos, frè nou an, mwen te ankouraje li anpil pou li vin jwenn nou avèk frè yo. Li pa t vle vini koulye a, men li va vini lè li gen opòtinite.


Alò, frè m yo, mwen te sèvi tout sa konsènan mwen menm ak Apollos kòm yon egzanp pou koz a nou menm. Selon sa mwen te di, mwen vle ou konprann ke nou pa pou ale pi lwen de sa ki nan ekriti sen yo, pou okenn nan nou pa vin ògeye anvè youn e kont yon lòt.


Paske, yo di: “Lèt li yo lou e dyanm, men prezans pèsonèl li pa enpresyonan ditou, e jan li pale vrèman meprizab.”


Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.


Byen vit, voye avoka a, Zénas ak Apollos nan wout yo pou yo pa manke anyen.


跟着我们:

广告


广告