Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 18:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Epi li te twouve yon sèten Jwif la ki te rele Aquilas, yon moun Pont ki te fenk vin sòti Italie avèk madanm li Priscille, paske Claude te kòmande tout Jwif yo pou kite Rome. Paul te ale kote yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Rive la, li kontre yon jwif yo te rele Akilas, moun peyi Pon, ki te fenk rive sòti Itali ansanm ak madanm li ki te rele Prisil, apre Seza Klòd te bay lòd pou tout jwif te kite lavil Wòm. Pòl al wè yo,

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Rive l rive Korent, Pòl rankontre ak yon nonm yo te rele Akilas. Akilas sa a te moun yon kote yo te rele Pon, men, limenm ak madanm li Prisil te sanse fèk rive pou rete Korent, ki nan peyi Itali. Yo te kite itali paske anperè Klod te egzije tout Jwif pou yo kite lavil Wòm. Pòl t al vizite Prisil ak Akilas.

参见章节 复制




Travay 18:2
11 交叉引用  

Youn nan yo ke yo te rele Agabus te kanpe. Li te kòmanse endike pa Lespri a, ke an verite, t ap gen yon gwo grangou nan tout mond lan. Epi se sa menm ki te rive sou règn Claude la.


Paul, apre li te rete pandan anpil jou ankò, te kite frè yo pou te monte sou lanmè a pou rive Syrie, e avèk li te gen Priscille ak Aquilas. Nan Cenchrées li te fè yo pase razwa sou cheve tèt li, paske li t ap swiv yon ve.


Li te kòmanse pale avèk gwo kouraj nan sinagòg la. Men lè Priscille ak Aquilas te tande l, yo te rale l akote pou te eksplike li chemen Bondye a pi klè.


Patyen yo, Mèd yo, Elamit yo, moun Mésopotamie yo, Judée ak Cappadoce yo Pont ak Asie yo


Lè yo te deside ke nou ta pran vwal pou Italie, yo te pwosede livre Paul avèk kèk lòt prizonye bay yon santenye ki manm nan kowòt Auguste la, ki te nome Julius.


La santenye a te twouve yon bato Alexandryen ki t ap pran vwal pou Italie, e li te fè nou anbake.


Legliz Asie yo salye nou. Aquilas avèk Priscille salye nou avèk tout kè yo nan Senyè a, avèk legliz ki lakay yo a.


Salye Prisca ak Aquillas, ak tout kay Onésiphore a.


Salye tout lidè nou yo ak tout sen yo. Sila an Italie yo salye nou.


Pierre, yon apot Jésus Kri, a sila ki rete a letranje yo, ki gaye nan Pont, Galatie, Cappadoce, Asie ak Bithynie, sila ki chwazi davans yo,


跟着我们:

广告


广告