Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 18:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Men lè Paul te prèt pou louvri bouch li, Gallion te di a Jwif yo: “Si se te yon ka a yon enjistis, oswa yon krim visye, O Jwif yo, li ta rezonab pou m ta bay nou soutyen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Pòl ta pral pale, lè Galyon di jwif yo konsa: — Nou menm jwif, koute: si se te yon krim osinon yon movezak li te fè, mwen ta pèdi tan m koute nou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Pòl t apral ouvè bouch li pou l pale, lè Galyon di Jwif yo: “M t ap pran tan pou m tande nou, nou menm Jwif yo, si plent nou an se te pou yon krim grav osinon yon lòt kalite dezagreman.

参见章节 复制




Travay 18:14
17 交叉引用  

Li te louvri bouch Li e te kòmanse enstwi yo konsa:


Konsa, Li te reponn yo e te di: “O jenerasyon enkredil, pou konbyen de tan ankò M ap avèk nou? Konbyen de tan ankò M ap sipòte nou? Fè l vin kote Mwen!”


Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a?


Pandan anviwon yon tan de karant ane, konsa, li te sipòte yo nan dezè a.


Men Paul te di: “Mwen se yon Jwif ki sòti Tarse nan Cilicie, yon sitwayen a yon vil ase enpòtan. Mwen mande w, kite m pale avèk pèp la.”


Si konsa, mwen se yon malfektè, e mwen fè yon bagay ki merite lanmò, mwen pa refize mouri; men si okenn nan bagay sila ke yo akize m yo pa verite, pèsòn pa kapab livre mwen a yo. Mwen fè apèl mwen a César.”


“Deja mwen pa gen anyen definitif pou ekri a mèt mwen. Donk mwen mennen li devan nou tout, e espesyalman devan ou, Wa Agrippa, pou lè ankèt la fèt, pou mwen kapab gen yon bagay pou m ekri.


Paske sila yo ki nan otorite p ap koz laperèz pou sila ki gen bon kondwit yo, men pou sila ki fè mal yo. Èske nou vle pa gen laperèz pou otorite? Fè sa ki bon e yo va bannou lwanj.


Mwen swete ke nou ta ban mwen pèmisyon pou yon ti foli; men anfèt nou ban mwen l deja.


Paske si yon moun vini pou preche yon lòt Jésus, ke nou menm pa t preche, oswa nou resevwa yon lòt lespri ke nou pa t resevwa, oswa yon lòt levanjil ke nou pa t aksepte, nou ase tolere sa.


Konsa,wo prèt la kapab aji ak konpasyon selon moun inyoran ak egare yo, paske li menm osi, li gen anpil feblès.


跟着我们:

广告


广告