Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 18:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 paske Mwen avèk ou, e nanpwen moun k ap atake ou pou fè ou mal, paske Mwen gen anpil moun nan vil sa a.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Mwen la avèk ou. Pèsonn p'ap ka mete men sou ou pou fè ou anyen. Gen anpil moun ki pou mwen nan lavil la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Mwen menm mwen avè w. Pèsonn p ap ka mete men sou ou pou fè w mal, paske m gen anpil anpil moun nan vil sa a.”

参见章节 复制




Travay 18:10
26 交叉引用  

Alò ale, e Mwen menm, Mwen va avèk bouch ou, pou enstwi ou nan kisa ou gen pou di.”


Pa pè, paske Mwen avèk ou. Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. Mwen va fòtifye ou. Anverite Mwen va bay ou sekou. Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, men dwat Mwen.


Lè w ap pase nan gwo dlo yo, Mwen va la avèk ou; epi nan rivyè yo, yo p ap debòde sou ou. Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile, ni flanm nan p ap brile ou.


Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi; epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo. Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo. Jistis pa yo sòti de Mwen,” deklare SENYÈ a.


Fè yon plan, e sa ap bloke. Pale yon pawòl, e sa p ap dire. Paske Bondye avèk nou.”


“Koute byen, vyèj la va vin ansent e l ap fè yon gason. Y ap nonmen li Emmanuel”, ki tradwi vle di “Bondye Avèk Nou”.


Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole.


Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”


Men pa menm yon cheve nan tèt nou p ap peri.


“Epi Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Fòk Mwen mennen yo tou. Epi yo va tande vwa M. Yo va vini yon sèl pak avèk yon bèje.


E pa sèlman pou nasyon sila a, men ke Li ta kab ranmase ansanm pou fè yon sèl, tout pitit Bondye ki te gaye a letranje yo.


Simon eksplike nou jan Bondye te premyèman pran pami pèp etranje yo, yon pèp pou non Li.


di Senyè a ki fè tout bagay sila yo konnen depi nan tan ansyen an.


Konsa, li te rete la pandan en an si mwa, e li t ap enstwi pawòl Bondye a pami yo.


Epi Senyè a te di Paul nan yon vizyon pandan nwit lan: “Pa pè ankò, men kontinye pale, e pa fè silans;


Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou?


Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.


Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.


Ke Senyè a avèk lespri ou. Ke lagras avèk ou.


Nanpwen moun ki kapab kanpe devan ou pandan tout jou lavi ou. Menm jan ke Mwen te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. Mwen p ap fè bak ni abandone ou.


“Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”


Lè SENYÈ a te kon fè leve yon jij pou yo, SENYÈ a te avèk jij la, e te delivre pèp la nan men lènmi yo pandan tout jou yo a jij la. Konsa, SENYÈ a te vin gen pitye pou yo akoz sila ki te oprime ak aflije yo.


跟着我们:

广告


广告