Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 17:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Li te bay eksplikasyon ak evidans ke Kris la te oblije soufri e leve ankò soti nan lanmò. Li t ap di: “Jésus sila a, ke mwen ap pwoklame a nou an, se Kris la.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Li t'ap ba yo esplikasyon, li t'ap moutre yo ki jan, dapre sa ki te ekri a, Kris la te gen pou l soufri, li te gen pou l te leve sòti vivan nan lanmò. Li t'ap di yo: — Jezi m'ap fè nou konnen an, se li menm ki Kris la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Li ede yo konprann Kris la te gen pou l mouri epi li t ap leve vivan pami mò yo, dapre sa k te ekri nan Liv yo. Li di yo: Jezi sa a m ap pale de li a, se li menm ki Mesi a.

参见章节 复制




Travay 17:3
16 交叉引用  

Yo te di youn ak lòt: “Èske kè nou pa t ap boule nan nou pandan Li t ap pale avèk nou sou wout la, pandan Li t ap eksplike nou Ekriti Sen yo?”


Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”


Li te di yo: “Se konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a.


Paske jiska moman sa a, yo poko te konprann Lekriti a ke fòk Li leve ankò soti nan lanmò.


Li te rasanble yo ansanm e te kòmande yo: “Pa kite Jérusalem, men tann sa ke Papa a te pwomèt la; sa ke nou te tande de Mwen menm nan.


Paske avèk pouvwa li te demanti Jwif yo an piblik, e li te montre atravè Ekriti Sen yo ke Jésus se te Kris la.


Men lè Silas ak Timothée te desann soti Macédoine, Paul te kòmanse dedye tèt li nèt a pawòl la, pou temwaye solanèlman a Jwif yo ke se te Jésus ki te Kris la.


Men bagay ke Bondye te anonse oparavan yo, pa bouch a tout pwofèt yo, ke Kris Li a ta soufri; konsa, Li gen tan fin akonpli.


Men Saul te kontinye ap vin pi fò, e t ap konfonn Jwif ki te rete Damas yo avèk prèv ke Jésus sila a se Kris la.


O nou menm moun Galatie ensanse yo! Kilès ki gen tan mete wanga sou nou konsa, pou nou refize laverite a? Nou menm devan zye a kilès, Jésus Kri te piblikman prezante kòm krisifye a?


跟着我们:

广告


广告